19 mai 2024

Sa w dwe konnen sou koulout , ògàn seksyèl gason ?

Koulout (ki gen lòt non tou an kreyòl) se ògàn ki pèmèt gason an fè pipi, men tou fè bagay ak fè pitit .

Koulout la pa gen zo ladan , men pito li fèt ak 3 kò (2 kò kavène epi yon kò sponjye) kò sponjye a pèmèt pipi ak spèm soti, 2 kò kavène yo se yo ki plen ak san lè yon gason bande, ki fè koulout la vin di.

Lè eksitasyon lakòz sèvo a pase rès kò a lòd pou ponpe san desann lan koulout, li vin di. Men sonje koulout la konn aji tankou yon misk envolontè tou , sa vle di pafwa li pa egzekite lòd yo ba li a. Se sa ki eksplike pafwa gason an konn eksite men li pa rive bande (lè koulout la rèd).

Si moun nan pa bande, koulout li ta dwe nòmalman ant 7 ak 11 santimèt longè epi 3 santimèt lajè. Lè li bande, li mezire ant 12 ak 16 santimèt longè epi 4 santimèt lajè.

Sa se dimansyon nòmal la, men gen moun koulout yo gen pi piti dimansyon. Pa egzanp, chinwa yo gen an mwayèn 9,5 santimèt pandan koulout moun nwa kon rive jiska 24 santimèt oswa plis.

Kèk kesyon moun yo poze sou koulout

Jiska ki laj koulout la grandi?

Koulout Kòmanse grandi depi w fèt, epi li sispann grandi nan fen pibète a, kidonk ant 20 ak 25 lane.

Eske li ka vin pi piti apresa?

Wi, tank wap antre nan laj menm jan pow ap lage a, se konsa koulout la ap lage tou sa kap fè li vin pi piti.
Konsa tou depi w pa itilize li lap vin pi piti tou.

Kisa ki lakòz yon nèg bande chak maten?

Sa pi souvan rive jèn yo paske nan moman an yo an pibète, koulout la jèn e li toujou sou travay sitou si jèn sa an sante.
Men li pa gen anyen pouw wè ak anvi fè bagay vre, pi souvan se yon bande ki fèt pandan nèg la tap dòmi e li leve ak li.
Pa bliye koulout la pa toujou mache sou lòd .

Eske lè w anemye ou ka gen difikilte pou bande?

Repons lan se wi, paske san ki disponib pou fè koulout la rèd la pa anpil, donk imajine si moun nan manke san, lap pi difisil pou li kanpe.

Eske lè yon nèg pa sikonsi sa rann li pi dous ou pa?

Pa gen gwo rapò ant dous ak sikonsi, se vre nèg ki pa sikonsi a koulout la toujou kouvri, sa fè lè li kalel li pi sansib, men li pa pi dous pou fi a.
Koulout ki pa sikonsi yo plis ka bay moun enfeksyon, an menm tan li ka pwoteje gason an li menm.

Ki longè koulout ki ka bay plezi pi byen?

Plezi nan fè bagay nòmalman pa gen rapò ak longè koulout la, si se te sa anpil fi pa tap lesbyèn oswa biseksyèl.
Pati ki pi dous nan bouboun fi a se nan antre bouboun nan, nan nivo 2 ak 3 santimèt antre vajen li ak klitoris li. Se sak fè anpil fi jwi nan dwèt, se la pwen G a ye tou.

Eksepsyon pou kèk fi ki renmen gen doulè anba vant yo lè koulout a teke matris la.

Ki valè tan yon relasyon seksyèl dwe dire avan nèg la voye?

Si w retire tout jès preliminè yo, aprè 2 ak 10 minit ap voye koulout monte, nòmalman gason an ta dwe voye. Menm si gen moun ki konn depase 30 minit oswa plis.

Eske li posib pou yon nèg alonje oswa gwosi koulout li?

Wi li posib, pandan jèn gason an ap grandi, sa vle di nan pibète li, depi w kontinye detire l fè mouvman ak li wap ka modifye mòfoloji li.

Tèks sa a ede konprann pi byen ògàn sila a epi devwale kèk kwayans osnon kèk mit ki antoure l.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *