16 mai 2024

Pou yon retou PNH la nan Lyankou .: Popilasyon monte kloti komisarya epi konstwi dòtwa pou polisye yo

Aprè visit nouvo polisye yo sou komisarya komin Lyankou nan depatman Latibonit , polisye yo te fè plizyè egzijans tankou monte kloti komisarya pi wo, konstwi dòtwa pou yo kapab byen repoze yo.

San pran tan popilasyon Lyankou a aji, moun isit kou nan dyaspora mete lajan, ak patisipe nan konstwi dòtwa ak kloti nan komisarya.

Nap raple w depi aprè dram ki te lakoz plizyè polisye pèdi lavi yo jou pase yo nan komin Lyankou tout polisye yo te abandone komisarya menm jan ak anpil lòt komin nan peyi a.

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *