16 mai 2024

Pastè Armel Lafleur anba sanksyon Ministè Kil

Ministè Kil ki jere koze relijyon an Ayiti, entèdi pastè Armel Lafleur pou l pa egzèse fonksyon pastoral li pandan 5 lane.

Ministè Kil mande dirijan Legliz Pòt Etwat la pou li kanpe nan tout aktivite ki lye ak legliz sou yon peryòd 5 lane.

Pastè Armel pat mete pye nan envitasyon ministè a jodi 5 janvye 2023, pou l te vini bay esplikasyon sou eskandal seksyèl ki enplike li menm ak pitit li nan legliz la ak konpoteman biza, lè l te pran pitit li pou l fè pratik nan yon swadizan fòmasyon sou edikasyon seksyèl.

Nap raple w pastè nan plen pwosè devan koudapèl pou vyòl sou minè.

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *