16 mai 2024

KOMINIKE 004: RASANBLE ak 13 lòt pati politik alye li yo voye yon gwo kout chapo pou popilasyon nan 4 kwen peyi

RASANBLE ak 13 lòt pati politik alye li yo voye yon gwo kout chapo pou popilasyon nan 4 kwen peyi a ki sot pase 1e semènn mobilizasyon an avèk siksè. Nap kontinye kenbe flanbo mobilizasyon an byen wo pandan 2è semènn sa ankò pou fòse Ariel Henry kite peyi a. Nap voye senpati nou bay tout viktim yo pandan moman difisil nap travèse a.

RASANBLE ak alye li yo eksprime dezakò yo ak deklarasyon Sekretè jeneral nasyonzini Antonio Guterres fè ayè dimanch 18 septanm nan sou France 24. Sekretè jeneral la mande pou leta ayisyen sibvansyone fanmi yo olye ke li sibvansyone gaz la. Sa montre ke Sekretè jeneral la pa byen enfòme sou kriz kap travèse popilasyon ayisyèn. Nap raple pou Sekretè jeneral la se sibvansyon gaz la kap bon pou pèp ayisyen an nan moman sa.

RASANBLE ak alye li yo voye jete byen lwen pou yon 3è fwa deklarasyon Ariel Henry fè nan yon maladrès ak nasyon an ayè dimanch 18 septanm nan. Nou konstate Ariel Henry pale tou swit aprè sekretè jeneral nasyonzini an te finn pale. Sa fè nou konprann aklè Ariel Henry an misyon pou fini ak pèp la.

RASANBLE ak alye li yo sezi wè Ariel Henry di popilasyon an, lidè politik yo ak tout militan yo se bandi. Nap raple pou Ariel Henry si gen bandi se li menm ak ekip ki sou pouvwa a ki bandi. Paske se yo menm ki pa vle tande revandikasyon Pèp ayisyen an.

RASANBLE ak alye li yo ap fè Ariel Henry konnen yon lòt fwa ankò ke li pa gen okenn lejitimite politik pou li rete nan tèt peyi a depi 7 Fevriye 2022. Ariel Henry pèdi konfyans majorite pati politik yo ak majorite popilasyon an.

RASANBLE mande Ariel Henry pou rale kò’l. Bay moun ki kapab dirije peyi a espas pou dirije’l.

RASANBLE ap kontinye kore tout inisyativ 10 Senatè eli, lejitim ak konstitisyonèl yo ap pran pou pran tèt dyalòg politik la akonpanye ak klas politik la, sektè prive a ak sosyete sivil la pou jwenn vrè fòmil pou soti peyi a nan move sitiyasyon sa.

RASANBLE ap toujou rete kanpe bò kote pèp la.

Delma, 19 septanm 2022

Innocent JOSEPH,
Prezidan

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *