5 juillet 2024

Kèk mezi ou dwe pran aprè yon tranblemann tè

Yon tranblemann tè kapab se premye evenman pami on latriye lòt ki pral pase. Pou sa, ou dwe pare pou w reyaji si toutfwa ta gen replik, glisman tèren oswa sounami. Se de seri fenomèn ki rive pwodui aprè pasaj yon tranblemann tè.

Men kèk mezi ak prekosyon ou ka pran aprè yon tranblemann tè:

-Si w santi sekous, bese, pwoteje tèt ou, epi eseye akwoche ak yon bagay.

-Si w blese, asire w ou swanye blese pa w yo anvan w pote viktim ki anba dekonm yo sekou.

-Mete pantalon long, chanday ki gen manch long, gwo soulye, ki fèm, gan pou w ka pwoteje tèt ou si gen bagay ki te kraze kote w ye a

-Si kote w ye a pa fin an sekirite, kouri fè tout moun ki sou plas yo, kite l.

-Fè nouvèl pou w ka rete enfòme de tout sa k ap pase aprè evenman an.

-Fè atansyon lè w ap ouvri pòt amwa oswa plaka yo; sa ki anndan yo gendwa te souke

-Ede sila ki nan plis nesesite yo tankou granmoun, ti bebe, fanm ansent ak moun andikape.

-Kanpe lwen fil elektrik ak kondui gaz ki kase yo.

-Pa antre anndan yon batiman ki sibi gwo domaj.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *