16 mai 2024

Gwo chanjman anonse pou refè figi chanm depite a an Ayiti

Chanjman anonse pou refè figi chanm depite a

Sekretarya Jeneral Chanm Depite a lanse jounen lendi 17 jiyè 2023 sa a, yon pwojè ki pote non : “Restriktirasyon Chanm Depite a”. Atravè lansman sa a, Sekretarya branch palman sa a ki se chanm ki pi ba a anvizaje jwenn yon chanm ki restriktire, pi pwodiktif epi k ap bay plis randman, si n kwè pawòl Guy Gérard Georges, ki se sekretè jeneral Chanm Depite a di.

Pwojè pou chanje figi Chanm Depite a gen ladann chanjman enfrastrikti fizik kidonk batiman an men tou fòmasyon anplwaye yo ak yon dispozisyon resous ki gen plis entèlijans nanbsa ki gen pou wè ak pwofil ki disponib yo, daprè sa Sekretè Jeneral la di nan entèvansyon li an.

Restriktirasyon sa a prevwa ranfòse kapasite teknik ak administratif Chanm Depite a nan lide pou elaji travay palmantè yo, kidonk pwodiksyon lwa, kontwòl aksyon gouvènman an, aktivite reprezantasyon entènasyonal yo ak konsolidasyon entè-palmantè yo. Ansyen depite Tòbèk la k ap pale toujou.

Sòti nan restriktirasyon sa a, li pral posib pou anplwaye yo mete kap sou konpetans yo, yo mande pou yo monte echèl la nan ogmante konpetans yo pou Chanm Bas la kapab vin plis efikas, toujou daprè deklarasyon responsab yo nan Chanm Depite a.

Fòmasyon anplwaye yo, revize dosye anplwaye yo, revizyon règleman entèn Chanm Depite a ak òganigram, devlopman manyèl pwosedi ak gid pou Depite yo, restriktirasyon sèvis sekirite a, kreyasyon sit entènèt Chanm Depite a, dijitalizasyon achiv palmantè yo, pataje eksperyans ak bon pratik ak lòt palman yo, plan kominikasyon, se tout plan sa yo ki genyen nan yon dokiman 14 paj Sekretarya Chanm Bas la prezante.

Pou sa rive fèt, sekretè jeneral pouvwa lejislatif sa a, Guy Gérard Georges, ap chèche kolaborasyon tou sipò pouvwa egzekitif la ak lòt manm ki nan enstitisyon palmantè sa a.

Tout anplwaye Chanm Depite a ki te prezan nan otèl Maryòt nan kad prezantasyon bat bravo lakontantman pou mezi sa yo, sa ki pral pèmèt yo bay plis randman nan travay yo.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *