16 mai 2024

Flashfoot bay Fernando ESTIMÉ tit Meyè Sipòtè mondyal medam yo

Flashfoot bay Fernando ESTIMÉ tit Meyè Sipòtè mondyal fanm 2023 ki ap fèt nan peyi Ostrali ak Nouvèl zeland

Fernando Estime se yonn pami ra sipòtè ki atire kamera lemond antye sou li nan mondyal la. Se ak pawòl sa yo « Coach » epi jounalis fransè a Rudy Güzman te akeyi Don nan yon esklizivite li te fè ak li.

San sipriz jounalis fransè a ak platfòm Flashfoot bay Fernando tit meyè sipòtè koup dimond fanm 2023. Don nan toujou remake nan tout match Ayiti yo, nan fason li abiye, enèji li degaje nan moman match yo, ki toujou atire atansyon tout televizyon ak foto jounalis ki prezan nan konpetisyon sila.

Nan mikro Rudy Guzman, Fernando esplike nivo atachman li ak peyi li, jan li fyè pou l sipòte lakay li.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *