19 mai 2024

Fernandolive News: Plis pase 40 moun gentan anba kòd daprè lapolis.

((fernandolivenews.com)) Vandredi 30 jiyè 2021-.
Plis pase 20 jou apre zak asasinay kite fèt sou ansyen Prezidan Jovenel Moïse la, ankèt yo kontinye ap vanse daprè polis nasyonal ayisyen an. Jiska prezan yo arive mete anba kòd plis pase 40 moun ladan yo gen 14 polisye, daprè sa pòtpawòl enstitisyon polis la Marie Michèle Verrier.
Direksyon Jeneral Polis Nasyonal ayiti a anonse ankèt sou asasinay ansyen prezidan Jovenel Moïse la pap kanpe.

Daprè enspektè divizyonè a pami ofisye lapolis ki arete yo gen kèk ki kenbe pou enplikasyon dirèk yo nan asasinay prezidan an e ak sila yo kite gen responsablite pou te proteje prezidan.

Marie Michèle Verrier te pwofite pale tou sou manda ki ki lanse kont Jij Wendelle Coq Thelot pou swadizan patisipasyon li nan asasinay defen Prezidan Jovenel Moïse.

Christian Poinvil

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *