16 mai 2024

Fernando Live News : Renald Lubérice pale, de 3 etap zak sasinay prezidan Jovenel Moise

Renald Lubérice pale, asasen Jovenel Moise yo pa vle limyè fèt sou lanmò a

Selon Renald Lubérice, yon nan moun ki te plen pouvwa nan palè nasyonal sou prezidans Jovenel Moise la, fè konnen nan yon tweet prezidan pran nan yon koudeta byen planifye.

Lubérice ekri pou li di prezidan pran nan yon koudeta an 3 etap.
1- Asasen prezidan
2- rantre nan palè nasyonal ak yon akò sou de fèy papye ki melanje tout kalite moun
3- Anpeche tout veritab ankèt pou pèmèt laverite sou lanmò prezidan an, asasinen tout moun ki ka anpeche sa fèt.

Nap raple w 3 jou aprè lanmò prezidan tout aktivite gentan reprann, anpil dout sou lanmò a, yo lonje dwèt sou plizyè gwoup moun.

Claude Joseph ki te yon minis revoke akapare pouvwa, li mete tèt li chèf ki jwenn sipò Etazini, yon lòt bò 10 senatè yo ak pati alye phtk yo, chwazi prezidan tyè sena Joseph Lambert pou prezidan Repiblik la e Ariel Henry ki te gentan nome pa Jovenel Moise kòm premye minis.

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *