18 mai 2024

Fernando Live News : Egzamen ofisyèl, premye jounen pou elèv 9èm Ane Fondamantal yo

?Fernando Live News | Lundi 19 juillet 2021

Malgre sitiyasyon an, kriz politik ak ensekirite kap vale tèren, malgre yon lane miwo miba.
Premye jounen egzamen ofisyèl 9èm ane fondamantal yo rive fèt jodia nan tout tèritwa nasyonal la.

Sin vle kwè postilan yo egzamen yo pat si difisil nan premye jou a. “Egzamen yo adapte ak bagaj nou te apran n, li lojik pa rapò ak kriz la, menm si nou konnen gen pou sila lap toujou difisil l” deklare Debora St Jean yon elèv lise Fritz Pierre Louis.

Yon lòt bò Jerome Julien elèv College St Pierre kritike responsab yo ki pa byen planifye òganizasyon dewoulman egzamen yo. “Responsab nan ministè a fè nou tò lè yo fè neglijans, nou riske pèdi pwen akoz mank planifikasyon yo.”
Postilan Collège Saint Pierre a, fè konnen yo bay egzamen ki gen pwodiksyon ekrit, fèy la pa gen espas ni yo pa bay fèy mizonè pou fè yo.

Nap raple w pandan premye jounen sa, distans sosyal yo respekte nan sal yo, yo egzije postilan yo mete kachnen selon temwanyaj plizyè elèv ki tap konpoze jounen lendi 19 jiyè 2021 an. Men si mezi sa yo pat respekte nan lakou syèj yo nan moman poz, lè yap rantre ak lè yo fin konpoze.

Nap raple w plizyè paran te oblije rete tann timoun yo pandan tout jounen egzamen an.

Ann swiv yon repòtaj foto ki reyalize nan kapital peyi a. https://www.facebook.com/100800762106001/posts/181717790680964/?d=n

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *