19 mai 2024

Fernando Estimé selebre anivèsè Jean Gardy Bien-aimé nan fason pa l

Jou 24 janvyè a make anivèsè gwo potorik gason sa ki se Jean Gardy Bien-aimé. Li reyalize yon dividal fim ki penmèt sinema ayisyen an toujou rete dibout. Nan lokazyon fèt aktè, reyalizatè ak prodiktè ayisyen an, Fernando Estimé te pwofite rann ni yon omaj sou divès platfòm anliy li itilize yo. “Jean Gardy Bien-aimé se senbòl laj dò sinema ayisyen”. Se konsa Fernando te louvri festivite yo pou mesye Bien-Aimé.

“ Jodi a, m ap rann omaj ak yon Mapou ”, yon lòt fraz Enfliyansè medya sosyal poi lane 2021 an te ekri pou selebre nesans gwo bout tonton reyalizatè sa, ki reyalize fim “Millionnaire par erreur” la ki te sòti nan lane 2002. Yon fim ki respekte tout nòm sa mande, epi ki gen ladan l plizyè lòt gwo pèsonalite. Réginald Lubin, Ricardo Lefèvre, Sandra Lobir, Maurice Prosper pou n site sa yo sèlman.

“Le miracle de la foi”, nevyèm fim Jean Gardy Bien-aimé rezalize, make anpil moun epòk la. Jean Gardy Bien-aimé mete an kesyon labib ki baze sou lafwa, fim sila kou yon evanjelizasyon dayè. Regretab memwa Ginou Mondésir se atrik prensipal fim sa.

Fernando konkli pou l di e swete : “Bòn fèt Jean Gardy Bien-aimé. Se ap yon onè pou mwen gen chans ba ou lanmen yon jou si mwen kwaze ou e m gen yon kesyson pou “Cicatrices” ”.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *