16 mai 2024

Entèvyou : Fernando Estime ap reponn kesyon FIFA

Diplomat Fernando Estime ap reponn kesyon FIFA

Yon jou avan lansman ofisyèl koup dimond lan, nan yon seri entèvyou jounalis FIFA yo tap reyalize ak sipòtè ekip yo, Ayiti te byen reprezante ak pitit li, anbasadè bon volonte Diplomat Fernando Estime.

Pandan plizyè minit Fernando Estime ak rad Ayiti li, tap pale jan tout Ayiti fyè, kontan pou patisipe pou premye fwa nan pi gwo konpetisyon mondyal foutbòl feminin nan.

Diplomat la pale de jan Ayiti konn fè listwa deja depi nan pran libète nou, se yon gran pèp, li kontan la ak tout fanmi l zanmi l epi kolaboratè li pou vin sipòte seleksyon an. E se depi yon jou aprè kalifikasyon ekip la li te fè demand viza li e yo te ba li l yon jou annapre.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *