18 mai 2024

Dyalòg ant Larisi ak Ikrèn lan tanmen nan Vil Istanbul

On gwo chita pale koumanse jounen madi 29 mas lan nan kapital peyi Turquie, Istanbul pou eseye met on bout nan gè peyi Larisi ak Ikrèn lan. On lòt bòt, lame ikrèn lan di li reprann kèk pati nan teritwa l ki touprè vil Kiev. Kounya y ap jwe pyezemen pou pran kontwòl vil Marioupol.

Reprezantan Larisi yo rive Istanbul lendi 28 mas la kote yon premye seyans negosyasyon te fèt 10 mas 2022 ak minis afè etrajè a ki pa t debouche sou anyen, epi dyalòg yo pousib nan visyokonferans.

« Bay garanti sekirite san fòs kote ak estati denikleyarize leta peyi nou », pawòl prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zenlensky dimanch nan mikro yon jounal ris, youn nan pwen enpòtan chita pale a pou mete yon bout nan koze lagè sa nan peyi Ikrèn.

MDV / Fernando Live News

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *