16 mai 2024

CDMQatar 2022.: “Viv Ayiti” ap taye banda nan kè kata

Peyi Arab yo ak peyi Iran pwofite fè konesans ak Ayiti pou premye e menm rantre nan listwa fè 2 nasyon ènmi rele VIV AYITI gras ak Fernando Estimé.

Malgre Ayiti pat kalifye pou patisipe nan koup dimond 2022 a kap dewoule nan peyi kata, plizyè ayisyen debake kata pou al viv pi gwo konpetisyon mondyal ki gen nan foutbòl la.

Pami yo Fernando Estimé, diplomat la pa janm rate yon minit pou l fè nou viv mondyal la e pwofite vann kilti peyi Ayiti ak tout lòt nasyon li kontre sou chimen li nan avanti sila. Sitou pou nasyon arab yo ki evidan paske yo lakay yo sa ki esplike yo plis epi gen yon fasilite pou kominike ak diplomat la paske yo pale anglè.

Diplomat la ki konnen byen istwa peyi sa yo fasilite l adrese yo lapawòl e fè sitwayen Iranyen ak Saoudyen 2 nasyon ènmi ki toujou nan gè mete ansanm pou rele “Viv Ayiti”.

Nap raple w nasyon sa yo, pami nasyon ki pi rich nan mond lan, pifò peyi sa yo pa gen relasyon diplomatik ak Ayiti, sa ki lakoz anpil nasyon sa yo pat konnen si Ayiti egziste.

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *