16 mai 2024

CDMQatar 2022.: Gwoup dansez peyi Inde ki pi popilè nan mondyal la fè konesans ak Ayiti

CDMQatar 2022.: Gwoup dansez peyi Inde ki pi popilè nan mondyal la fè konesans ak Ayiti

Chanpyòn nan bwase ren endyèn yo, te rankontre ak Fernando Estime pou te prezante yo Ayiti, toujou nan kad misyon Fernando bay tèt li pou vann Ayiti nan koup dimond kap dewoule kata.

Se ak anpil kè kontan e fyète Fernando te pale de Ayiti ak dansez yo, ki yo menm tou te santi se yon lonè pou yo te konnen Ayiti ki se premye peyi ki goumen pou libète l, e premye peyi ki gen viktwa pou dwa moun.

Ak anpil souri dansez endyèn yo imòtalize moman sa ak drapo Ble e Wouj la epi Diplomat la ki se Fernando Estime.

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *