17 mai 2024

Bilan viktim yo ap vale teren daprè Direksyon Proteksyon Sivil

1941 moun mouri, plis pase 9 900 moun blese se sa dènye bilan Direksyon Proteksyon Sivil bay nan kad tranblemantè ki ravaje depatman Sid, Grandans, ak Nip peyi Dayiti nan dat 14 dawout 2021 an. Yon katastròf natirèl jan sa di ki lakòz anpil dega fèt nan rejyon gran Sid peyi a.

Responsab Direksyon Proteksyon Sivil yo fè konnen yo jwenn 1597 moun mouri nan depatman Sid, 205 nan Grandans, 137 nan Nip ak 2 moun nan Nòdwès. Daprè direktè jeneral enstitisyon sila, mesye Jerry Chandler, se bilan provizwa 4 depatman ki viktim nan tranblemantè a. “Îles Cayemites” se youn nan zile ki fwape, epi “Saut Mathurine” nan komin “Camp Perrin” se youn nan sit touristik ki andomaje nan katastròf 14 dawout 2021 an nan repiblik Dayiti.

Yon lòt bò, ekspè jewològ Osiris De Leon fè konnen Repiblik dominikèn kapab frape pi mal pase Ayiti. Daprè espesyalis la menm fay ki provoke goudougoudou peyi Dayiti a se menm li menm ki travèse peyi Sendomeng. Reflesyon syantifik jewològ la ta vle fè kwè vwazen an kapab pran pa l tou nan tranblemantè a.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *