16 mai 2024

Ayiti-Sante: Plizyè enfimyè ak enfimye te manifeste devan lokal MSPP jounen madi 6 jiyè 2021 an

Jounen mardi 6 jiyè 2021 an, kèk enfifyè ki regroupe yo nan estrikti MONIV òganize yon sitin devan lokal MSPP pou denonse otorite nan ministè sante piblik la kap fè koripsyon selon yo menm.
Nan dènye piblikasyon rezilta egzamen yo ki tap pèmèt yo ge lisans pou yo sèvi repiblik la.

Plizyè enfinyè ki regroupe yo nan estrikti MONIV, te plante pikèt yo manten madi a douvan ministè sante piblik ak popilasyon, atravè yon sitin nan objektif pou denonse zak koripsyonon ak mouvèz fwa bòkote otorite sante piblik yo nan piblikasyon rezilta egzamen ki te òganize 19 janvier 2020 sa ki tap pèmèt yo gen lisans nan mitye sila pou yo sèvi peyi a.

Egzamen sa te fèt sou 4 ang, yo pou responsab yo etidyan yo te bezwen yon mwayèn 70 pou chak ang sa yo, sa ki ta pral pèmèt yo gen aksè ak lisans lan.

Anviron 4000 timoun kite patisipe, 500 dola ayisyen chak moun, se sèlman 5% nan yo ki te reyisi. Sa ki egal a 200 etidyan, e chak lè pou yo rekonpoze se toujou menm kòb sa.

Se kòmsi se yon vach a lè yo ta mare nan bon manje epi chak lè yo bezwen lèt yo al tete, donk gen bon enterè pou n repete kèk revandikatè.

Selon youn nan protestatè yo, Johnson Edouardzin fè konnen se menm moun sa yo ki te patisipe nan rezilta premye egzamen an kounya yo pap reprann egzanmen an ak yo paske yo pa fè mòd otorite sa yo konfyans .
Nan 200 kestyon , te gen 30 ki pat bon ki egal a 66 pwen .

Donk jounen jodi a sa yap mande, se ajoute 66 pwen an ki te manke a pou pèmèt yo jwenn lisans yo pou yo ka ofri sèvis yo ak popilasyon an.

Nap raple se pa premye fwa enfimyè ak enfimye yo ki ta prezante yo kòm viktim manifeste douvan lokal MSPP a, jodi a fè anviron 15 sitin yo fè, ki te kòmanse depi mwa Avril 2020.

Men finalman akisa mouvman sa ap abouti?

Yves Moïse Ducé.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *