18 mai 2024

Ayiti-Politik: Jovenel Moise bay tout ansyen premye minis ak minis soti 1991 pou rive 2017

Prezidan defakto a Jovenel Moise ak tout gouvènman ilegal la reyini an sesyon ekstraòdinè jodi dimanch 4 jiyè 2021 an, Konsèy Minis yo deside bay DECHAJ ak tout ansyen Premye Minis ak Minis ki tap jere lajan leta soti 7 fevriye 1991 pou Rive 7 Fevriye 2017 arive jwenn yon rapò kontwòl kontab favorab soti nan Tribinal la nan oditè.

Gouvenman Moise Lafontant

Konsèy Minis la deside jodi a bay dechaj a tout ansyen PM yo ak ansyen minis ki te travay pou Repiblik la soti nan dat 7 fevriye 1991 pou rive 7 fevriye 2017 ak yon rapò kontwòl kontab favorab soti nan Tribinal la nan oditè

Nap raple w tout ansyen minis kite patisipe nan gagote lajan petro karibe a ap jwen dechaj kòm moun ki te byen jere lajan leta. Tankou Laurent Lamothe, Gary Conille, Marie Carmelle Jean-Marie, Pierre Richard Casimir, Duly Brutus, Ronsard Saint-Cyr, Josepha Raymond Joseph, Charles Jean-Jacques, Thomas Jacques, Wilson Laleau, Jean-Marie Dupuy, Thierry Mayard-Paul.

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *