18 mai 2024

Ayiti-Ensekirite : Zak sasinay sou Prezidan Jovenel Moïse souke Repiblik la

Nan lannwit 6 pou louvri 7 jiyè, yon gwoup endividi pèsòn pa rive idantifye sasinen Prezidan Repiblik la Jovenel Moïse jis nan chanm lakay li. Se sa ki di nan yon kominike Primati a ki gen nan tèt li premye minis yon ti bout tan Joseph Claude mete deyò maten an. Tandiske Madanm Prezidan ap soufri anpil sou kabann lopital nan peyi Etazini aprè li te resevwa bal nan menm okazyon an yo te pati ak li an ijans.


Aprè lanmò patwon Agrtrans lan Premye Minis pou yon ti bout tan an Joseph Claude, anonse Etasyèj dekrete sou tout peyi a. Se yon desizyon ki pran nan yon CSPN ki te reyini alekstrawòdinè nan maten mèkredi 7 jiyè a.

Pi lwen toujou, li prezante senpatil bay fanmi defen an. L mande popilasyon an leve kanpe pou kondane zak malonèt sa e fè konnen l pap ret gade lòtè zak sa a nan je. Pou li menm, menm si yo touye ansyen patwon agritrans lan men rèv li pap janm mouri.


Nan menm jounen 7 jiyè a Lapolis nan peyi Dominikani arete youn nan manm Komite Nasyonal, Demantèlman Dezameman ak Reyensèsyon an Jean Rebel Dorcenat. Misye te nan yon machin ki gen limewo plak li IT-06856, selon sa Blaise Peterson di nan Radyo Mega. Misye te gen de lòt moun ak li tou.

Ansyen prezidan ta resevwa 12 bal selon juge Carl Henry Destin ki tal fè konsta kadav Jovenel Moïse kote janm li kase, Zyel pete.

Yves Moïse

Partager

Une réflexion sur « Ayiti-Ensekirite : Zak sasinay sou Prezidan Jovenel Moïse souke Repiblik la »

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *