17 mai 2024

Ayiti-Aktyalite: Yon elèv NS1 nan lekòl Mè Boudon tante tiye tèt li paske li pa pase

Yon elèv ki nan NS1, nan lekòl mè Charite Sen Lwi tout moun konnen li sou non  mè Boudon, elèv NS1 sa te tante swiside tèt li jodi lendi 5 jiyè 2021  pandan yo t ap bay kanè nan lekòl la.

Nan yon videyo kap sikile sou rezo sosyo yo montre elèv la ak inifòm, sou tèt lekòl la kanpe pou lage kò l anba. Sa ki fè anpil moun afole, anpil paran lòt elèv ki te twouve yo nan espas la.

Sè Yverose Lazarre fè konnen nan mikro Fernando Live News, elèv sa pa fè mwayèn jeneral lekòl la mande a. Li fè yon mwayèn 4 premye fwa, yon mwayèn 5 fèb pou 2è kontwòl epi yon lòt mwayèn 4 fèb, yon 5 fèb ankò epi yon lòt 5 fèb. Mwayèn sa yo pa t rive bay mwayèn jeneral pou li pase nan klas siperyè selon règleman lekòl la, daprè direktris la.

Sè Lazarre avanse pou li di, Se la tou elèv la pete pòt li monte, li pran dènyè etaj  lekòl la epi fè tantativ pou mete fen ak lavi li.
Manman an ki sou plas , ramne li ak rezon, élèv yo tou ta pral fè l kalme li. Gen swivi sikolojik ki gen pou fèt pou li.

Anndan lekòl la lè w pa pase, prensip la yo fè w double oubyen ou deside pa double epi deyò. Elèv la ke idantite l pa revele pa t ka sipòte echèk  sa epi fè tantativ tiye tèt li.

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Une réflexion sur « Ayiti-Aktyalite: Yon elèv NS1 nan lekòl Mè Boudon tante tiye tèt li paske li pa pase »

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *