16 mai 2024

4èm edisyon konbit soup joumou .: Yon eritaj lanmou ak retwouvay

Konbit Soup Joumou tanmen chak premye janvye depi 2020, nan lespri konbit pou reyini, konpetans ak lajan pou fè soup pou plizyè santèn ayisyen bwè pandan jounen selebrasyon fèt endepandans lan.

Jan sa te anonse 4èm edisyon an te reyalize nan Haiti Communitere ki chita kòl nan klèsin 4. Kote plizyè dizèn moun soti toupatou nan zòn metropolitèn nan te rankontre pou bwè soup, jwe ansanm tout kalite jwèt, danse, yon anbyans retwouvay, pataj lanmou, selebre fèt endepandans lan nan fratènite.

Pou 4èm edisyon menm jan pou edisyon pase yo, ekip ki tap jere konbit soup joumou ane sila, te ale sou plizyè plas piblik pou separe soup ak sila ki pat gen posiblite pou fè soup lakay yo.

Nap raple w Soup Joumou jwenn rekonesans li nan lane 2021 an kòm yonn nan eleman Patrimwan Kiltirèl Imateryèl Limanite pa Unesco.

Partager
Isaac Leo

Isaac Leo

Journaliste, Diplomate

Voir tous les articles de Isaac Leo →

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *