6 octobre 2024

FernandoLive News : Gaz nan galon tounen kokayin

((Fernando Live News)) : Pa gen gaz nan ponp, kokayin gaz nan galon

Pòtoprens 18 jiyè 2021. Rate gaz la toujou ap fè aktyalite nan zòn metwopolitèn nan ak nan vil provens yo. Yon sitiyasyon ki pral genyen plis pase yon mwa.
Daprè sa mèt estasyon sèvis gaz yo fè konnen yo pa kapab al bouske gaz nan tèminal tò nan kafou akoz klima ensekirite ki genyen nan zòn Matisan ak fontamara nan antre sid kapital ayisyen an, ki sou kontwòl plizyè gwoup nèg ak zam depi yon bon bout tan.

Lisez aussi Haiti-Insécurité: Tandis que Martissant n’est pas Mossoul… • Fernando Live News

Se chak jou Bondye mete ou kapab konstate plizyè santèn moun ki gen ladan chofè moto ak chofè machin san konte kanaval moun ki gen galon nan men rasanble byen bonè devan estasyon gaz ki resi ap bay yon ti gaz, nan gwo lese frape, nan espwa pou jwenn yon ti kras gaz.

Gen plizyè zòn trafik la pratikman paralize koz liy motosiklèt, machin, ak moun ki gen galon jòn nan men yo (yon veso ki itilize jeneralman nan moman gen rate gaz).
Chofè yo pat met dlo nan bouch yo pou te denonse konpotman patizan ponpis yo genyen ki pran plezi kap vann gaz la nan nwit bay zanmi ak fanmi yo pou yo kapab revann atè bò lari byen chè, anpil ladan yo menm arive melanje gaz la ak lòt likid sa ki konn koze gwo problèm ak motè veyikil yo selon temwanyaj plizyè chofè bay nan mikro jounalis FernandoLive.

Anviwon yon mwa, pwoblèm vin pi agrave finalman pèsonn pa konn kiyès pou rele, pandan otorite yo te fè konnen gen kòmand ki fèt, genyen plizyè kamyon gaz ki te pase nan fwontyè repiblik Dominikèn, ki kote yo pase ? ta sanble son w mirak kap fèt

Christian Poinvil

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *