20 mai 2024

Seksyalite: Fanm kretyen yo pa ta dwe fè alsiyis lè yap fè bagay, ni pran pozisyon, Se peche 

Daprè sa yon pwofèt fè konnen, sèl pozisyon seksyèl ki nòmal pou yon “Kretyen”  se gason an sou anlè , fanm nan anba, pozisyon sa rele “misyonè a”. Li fè konnen ke tout lòt pozisyon yo se bagay Satan. 

“Pa gen plas pou fònikasyon pou pitit Bondye yo. Nou pa bezwen imite sa kap pase nan mond lan. Koman nou fè pa dakò ak pozisyon Gason anwo fanm anba a, eske nou tounen chen?  Se sa Profèt Fanm nan tap mande nan yon videyo. 

Aprè sa, Madanm nan kontinye pou l di, “Ou vle madanm ou fè trase kata? Bagay sa yo se deyò a nou konn wè chen Chen ap fè yo, se pa Bagay pou moun ap fè. Se bagay sa yo dyab la itilize pou twonpe kretyen yo. Pozisyon yo itilize nan pònografi yo pa pou kretyen. “Mwen repete, pozisyon sèks Bondye aksepte se Fanm kouche epi Gason an monte sou li. 

Lakay nou Ayiti, kesyon sa yo toujou fè anpil deba, chak relijyon, chak kouch nan sosyete a wè kesyon fè bagay la yon jan.

Chak moun, tou depan lafwa li, li defini peche a yon fason. 

Eske pozisyon seksyèl yo sepeche ? 

Léonel Louis-Jacques 

Leofels5@gmail.com

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *