
Ansyen direktè polis la bay esplikasyon sou rezon ki fè gen tout nivo kriminalite sa yo nan peyi a, epi li bay feblès polis la.
Pou ansye kòmandan an chèf polis nasyonal la, lapolis pa la pou mennen operasyon tout lajounen, tou totan li konsa ap toujou gen yon kantite kriminalite ki wo paske 2 pigwo taktik lapolis se « Prevansyon » ak « Antisipasyon ».
Sa ki alabaz mete tout kriminèl nan gwo refleksyon avan li aji paske genyen polisye tout kote ki ap mete lapat sou yo byen rapid.
Asyen direktè a fè konnen nou pèdi tout moman ki favorab yo pou nou te kadriye tout kote nan peyi a pou te anpeche gang pran tout kote pou kounyea nou oblije kreye yon lòt fòs espesyal ki pran fòmasyon adapte pou konbat sitiyasyon ki la.