21 mai 2024

Nan peyi Lafrans,  jounalis Eric Zemmour ap brase bil politik la serye

Eric Zemmour

Pandan Konsèy Siperyè Odyovizyèl (an fransè “Conseil Supéieur de l’audiovisuel”) mande pou yo konsidere kwonikè, editoryalis ak polemis Eric Zemmour kouwè kenpòt lòt politisyen, kidonk pou yo kontwole kantite tan l ap pale nan laprès, Nouvo etwal politik la anfrans, kredite plis pase 10 pousan entansyon vòt nan de gwo sondaj Odoxa ak Harris Interactive ( enstitisyon ki espesyalize nan koze sondaj).

Done yo chanje depi lè Eric Zemmour sòti Liv li ki rele :”La France n’a pas dit son dernier mot”. Anpil Moun kwè l ap kandida pou eleksyon 2022 yo nan peyi Lafrans.

Sa oblije anpil gwo machè won nan politik peyi Lafrans fè deba ak li. Dènye gwo majòjon an Jean-Luc Melenchon (depite nan vil Masèy epi dirijan La France Insoumise ) dakò debat ak li epi fè li konnen nan figi l li se yon pikan kwenna pou prensip Repibliken ki chè pou Lafrans.

Nan fason li atikile lide li, nan jan li montre li rayi mizilman (li pwomèt pou l pimpe tout 6 milyon mizilman nan peyi kote yo sòti), nan jan li a brase lidè ekstrè dwat menm jan Jean-Marie Lepen te fè anvan li, Zemmour kase eskanp politik peyi sa a epi enpoze l kòm yon potansyèl kandida ki la enkontounab, menm si l poko janm deklare si l ap kandida vre.

Pa gen kandida ak pèsonalite politik ki vin nan deba anfas li, li pa kase met nan bòl yo. Pou anpil espesyalis, estrateji a kòmanse pote Fwi.

N ap presize si li vle kandida, Eric Zemmour ap oblije Ranmase yon ti bokit lajan pou fè kanpay epi jwenn pou pi piti 500 palmantè osnon eli lokal siyen pou yo mache ak li. Sa yo rele nan Lang fransè “parrainnage” la.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *