6 juillet 2024

Jean-Bertrand Aristide : ” Mèt chat la manje chat la. Menm moun fou sezi “! Claude Joseph reponn San filtè

Ansyen premye minis a.i ak chanselye sou administrasyon ansyen prezidan Jovenel Moïse la, Claude Joseph, trete ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide engra aprè ansyen prezidan nan yon mesaj kòde te deklare: ” Mèt chat la manje chat la. Menm moun fou sezi !”.

Ayè dimanch 13 mas 2022 a, rezo sosyal yo te anflame menm moman ansyen prezidan peyi Dayiti, Jean-Bertrand Aristide te fin deklare nan yon seremoni gradyasyon li tap fè nan inivèsite li a : 》Mèt chat la manje chat la. Menm moun fou sezi!》. Anpil moun pat pran tan pou reyaji pandan yo tap chèche bay yon definisyon ak deklarasyon dwayen komin Taba a.

Pami yo se Claude Joseph, yon kavalye pòlka ansyen prezidan Jovenel Moïse. Menm jan ak anpil lòt moun, Claude kwè se de ansyen prezidan Jovenel Moïse JBA Taba a ap pale nan dikou kòde li.

Menm kote a ansyen premye minis Claude Joseph te bagay ansyen prezidan Aristide repons sa san filtè sou kont Facebook li :《 Ala chat te bon. Li bay rat paspò diplomatik pou sove lavi ki t ap depafini ak kolonyaviris. Koulye a granmèsi chen se kout baton》.

Pi lwen Claude Joseph ta pral sèvi ak ti non jwèt ansyen prezidan an ki se “TITID”, pou tretel de engra : 》 Sa se engraTITID. Si chat te nayif konsa jiskaske mèt li mete ak lòt gwo rat pou manje l, gen lè chat la se te yon ti mouton », se konsa Claude Joseph repwoche ansyen prezidan JBA.

Nan yon lòt mesaj li poste sou kont Facebook li, Claude Joseph kontinye tire parabòl :《 Depi w wè MÈT chat mete ak Rat pou rejwi nan asasina chat, konen chat la te gen bon volonte pou l netwaye kay la. Sou krim sa, nou wè Mèt chat ak Rat yo antann yo san problèm. Yo kontan paske lè chat pa la rat pran kay》.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *