5 octobre 2024

Edikasyon|-. Aprann timoun yo travay nan tèt ansanm, yon defi pou Ansèyman Ayisyen

An Ayiti menm jan ak anpil lòt peyi, konsèy yo bay timoun yo se : « pou yo reyisi nan lavi a, asire tèt yo yon bon travay ki ap pèmèt yo viv byen, se pou yo etidye anpil ». Yon konsèy pami anpil lòt ki chita sou lide ki fè kwè lekòl se kle pou yon moun reyisi, li se zam yon moun dwe genyen nan lavi l pou li fè siksè. Pou pale « Edikasyon » li enpòtan anpil pou poze kesyon sa yo : de ki edikasyon n ap pale? Kòman edikasyon kapab pèmèt pitit yon moun reyisi nan lavi l nan yon mond kote se fòm endividyalis yo ak eksklizyon sosyal ki ap domine malgre tout zefò ki fèt pou goumen kont yo? Men tou, edikasyon timoun yo resevwa anndan lekòl yo an Ayiti eske li pèmèt yo konn « travay nan tèt ansanm »?

Daprè diksyonè Larousse, edikasyon se yon aksyon pou devlope fakilte fizik entelektyèl ak moral. Li se tou konesans tout sa ki genyen nan yon sosyete. An Ayiti, nan majorite lekòl yo, yo pa fè timoun yo konnen fòmasyon yo ap resevwa a la pou pèmèt yo vin « sitwayen responsab » demen ni yo pa aprann yo tou « travay nan tèt ansanm ». Gen zefò ki ap fèt tout kote pou lite kont eksklizyon sou tout fòm. Gen politik yo mete sou pye nan anpil peyi nan mond lan pou rezoud pwoblèm li koze yo. « Endividyalis » se faktè eksklizyon sosyal sou tout fòm li si nou konprann filozòf Patrick Viveret nan yon liv li ekri ki pote non « Reconsidérer la richesse ».

Kounye a, richès nan mond lan fèt nan travay moun ap fè ansanm. Gras ak devlopman « Nouvèl teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon » yo, endividi yo rete konekte youn ak lòt. Mond lan vin tounen yon « Vilaj global » kote rezo (sosyal, ekonomik, politik, elt.) pèmèt moun yo rete konekte youn ak lòt. Jere oubyen fè pati yon rezo, enteraji, elt., se sa yo ki kondisyon nesesè nan epòk n ap viv la kote se enfòmasyon ki sous richès k ap pèmèt timoun yo fè siksè paran yo espere a. Pou siksè sa posib, li dwe chita sou de bagay : « kapasite pou travay ansanm ak lòt moun ak « kapasite pou konstwi rezo ou yo ».

« Travay an gwoup » oubyen « Travay nan tèt ansanm » pou kwape endividyalis

Nan yon liv ki gen pou tit « Le travail de groupe : stratégies d’enseignement pour la classe hétérogène » Elizabeth G. Cohen ki se otè a defini « Travay nan tèt ansanm » oubyen « Travay an gwoup » tankou yon sitiyasyon kote timoun lekòl la ap travay ak kamarad li yo nan tèt ansanm sou yon lide kote yo chak nan gwoup la gen yon wòl yo jwe. Anplis, sa ki enpòtan otè a fè nou konnen, lè timoun yo ap travay ansanm, anseyan an pa bezwen siveye yo di. Li dwe mete timoun yo nan yon sitiyasyon kote yo chak pa moman ap jwe wòl anseyan an.

Elizabeth G. Cohen fè konnen tou « Travay nan tèt ansanm » nan se yon teknik ki efikas pou atenn kèk objektif ki gen a wè ak pèmèt timoun nan devlope kapasite pou li rezoud pwoblèm yo san li pa bezwen yon granmoun ede l pou sa. Sa kapab reveye nan li « sans kreyativite » epi tou « abilite pou li pale ».

An Ayiti, majorite paran gen move labitid pou yo reprezante lekòl (sa ki bon pou yo a) tankou yon kote timoun nan sou kontwòl total yon anseyan ki tankou yon pastè k ap preche sou chè legliz, chak sa li di tout timoun reponn reponn « amen ». Akoz atitid ak konpòtman yo genyen pou yo toujou ap egzije timoun yo fin premye nan klas yo, yo vin devlope nan timoun yo sa nou kapab rele « sans konpetisyon » ki fè timoun yo toujou panse yo nan konpetisyon. Yon konpetisyon kote yo konsidere lòt kamarad yo tankou yon advèsè yo dwe toupizi. Sa fè timoun yo ap evolye nan yon inivè eskolè ki pa pèmèt yo kreyatif paske yon etidye sèlman pou kenbe leson yo. Yon inivè eskolè tou kote rezilta ki nan kanè timoun nan pi enpòtan pase sa li aprann nan. Sa ki bay kòm rezilta : timoun nan ap fè tout bagay pou li pase lekòl la (pran poul, kopye, elt.) san li konn pa aprann anyen vre.

Okontrè, lekòl ta dwe yon kote pou timoun yo devlope sans kreyativite yo. Aprann yo, depi lè yo tou piti, pou yo eksprime panse yo. Malerezman, se pa konsa edikasyon fèt nan peyi Dayiti paske yo plis aprann timoun yo « fèmen bouch yo pou yo kapab tande sa pwofesè a ap di ».

Nan liv li a, Cohen pale de objektif sosyal « Travay an gwoup » oubyen « Travay nan tèt ansanm » nan genyen paske li amelyore relasyon timoun yo antre yo. Se pou tèt sa apwòch otè sa a sou « Travay nan tèt ansanm » nan t ap yon metòd efikas ki t ap itil ansèyman ayisyen an.

Nan anpil lekòl nan peyi a, yo plis devlope nan timoun yo atitid ki fè li vin endividyalis ak egoyis pandan yo vin granmoun. Timoun sa yo, lè yo vin granmoun, l ap difisil pou yo fòme gwoup pwofesyonèl, pou yo devlope rezo sosyal ak pwofesyonèl ni tou yo pap menm kapab kreye yon antrepriz ki gen plizyè aksyonè paske yo pat fòme ak edike pou sa. Yo pap janm santi yo alèz nan yon gwoup moun k ap travay ansanm.

Timoun nan vin konsa se paske li pat abitye « travay nan tèt ansanm » nan lekòl li. Yon abitid anseyan yo ta dwe ba yo. Yon timoun ki byen edike se yon ajan pou devlopman. Men yon timoun ki mal edike kapab devlope konpòtman ki pa bon pou kominote kote li ap viv la. Move metòd ansèyman yo se koz konpòtman ak tandans endividyalis ak egoyis nan sosyete yo tankou : entolerans ak mefyans.

Ansèyman an Ayiti dwe chita sou metòd ki pi efikas tankou « Travay an gwoup » oubyen « Travay nan tèt ansanm » nan. Lekòl yo ta dwe plis panche vè yon edikasyon ki gen plis enteraksyon ladan l. Sa ki ap pèmèt anseyan yo devlope nan sitwayen yo ap fòme pou avni peyi a yon ansanm valè tankou :

1. Rekonèt lòt moun ki bò kote yo

Lè timoun nan abitye travay nan gwoup depi tou piti, gwoup ladan l li jwenn lòt timoun ki pa menm jan ak li (nan atitid, konpòtman, sèks, koutim, elt.) sa pèmèt li konnen lòt moun pa oblije menm jan ak li pou yo moun tou. Nan travay an gwoup la, timoun nan ap gen tan pou li aprann konnen lòt timoun li nan gwoup avèk yo a, epi timoun sa yo ap aprann konnen l tou. Konsa, yo ap vin toleran youn anvè lòt paske yo chak pral ekspoze ak defisi entelektyèl, sosyal ak ekonomik lòt yo.

2. Santiman fè pati yon gwoup

Lè timoun nan abitye travay nan gwoup depi tou piti sa vin pèmèt li gen sousi pou l viv ak lòt moun lè li vin granmoun. Sa ap pèmèt li konnen pou li konstwui rezo (sosyal, ekonomik, politik, elt.) li yo, li dwe enteraji plis nan espas sosyal kote li ap viv la. Lè sa li pap yon eleman pou kont li. Li pap gen tandans ak konpòtman endividyalis ki konn lakòz yon moun aksepte tout konpwomisyon pou li kapab reyisi nan lavi li. Yon reyisit ki pa gen anyen pou wè ak moun ki ap viv bò kote l. Santiman fè pati gwoup la kapab devlope nan endividi a yon lanmou oubyen yon volonte pou reyisi ansanm ak lòt moun.

  1. Sans responsablite nan gwoup la

Daprè Antoine St-Exupery, yon moun ki responsab se yon moun ki konn asime. Pou li responsab, li dwe gen yon wòl, yon travay pou sa. Atitid sa aprann endividi a konnen enpòtans gwoup li fè pati li a.

Akoz metòd efikas ki pa genyen pou aprann timoun lekòl yo valè sa yo, ansèyman yo bay anndan majorite lekòl yo an Ayiti (lekòl paran peye oubyen lekòl gratis), fòmasyon yo bay yo pa asire reyisit timoun yo vre paske timoun yo pap ajan devlopman nan espas sosyal kote yo ap viv la. Timoun sa yo, lè yo vin pi gran pou yo pran desizyon nan sosyete a, yo ap pito koz soudevlopman peyi a paske konpòtman ak tandans endividyalis yo genyen an ap plis fè yo gen volonte pou yo reyisi pou kont yo. Yo ap vle reyisi pou yo montre lòt moun yo reyisi. Sa ki pral kreye fristrasyon. Yon fòm reyisit tou ki mennen byen souvan ak koripsyon.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *