19 septembre 2024

Defisi rekò, “Jovenel Moïse” se te yon gran depansè

Youn nan bagay ki rete konstan nan jesyon ekip Jovenel Moïse la, se defisi sou defisi.
Kidonk, abitid gouvènans prezidan Jovenel se toujou depanse plis pase sa gouvènman an antre.

Ane sa a, espesyalis yo evoke 40 milya goud defisi pandan chak ane, yo oblije mete mo rekò dèyè defisi a.

An 2019, defisi a t ap fwote nan nivo 20 milya goud. Nou te konkli se te yon rekò.

Gran depansè Jovenel Moïse rebat rekò sa a an 2020 ak yon defisi ki pa t lwen 30 milya goud.

Defisi ane sa a kouri ak rekò sa a. 40 milya goud. Kidonk gouvènman Jovenel Moïse la te deside depanse ane sa a 40 milya goud anplis kantite lajan li genyen.

Lè w konsidere youn nan mekanis pou finanse defisi piblik la se kreyasyon monetè (finansman monetè) ki li menm pral lakòz gwo tèt chaje nan nivo mikwo pou chak mennaj; lè nou konsidere transfè lajan dirèk dyaspora a te ratresi sitou akòz Kovid 19; lè nou konsidere previzyon resèt entèn yo pa janm about; epi lè nou ajoute ak tout sa gwo nivo inegalite ak kontraksyon Ekonomi an (kontraksyon an se lè prensipal aktivite Ekonomik yo kanpe osnon anrejistre gwo ralanti), nou ka konkli finans piblik te trè mal jere sou pouvwa ansyen prezidan Jovenel Moïse.

Nan entèvyou yo te akòde nou ayè ki te 7 septanm 2021, reskonsab òganizasyon ki pote non Chwazi Ayiti yo eksplike anplis tout sa yo, “si se nan gwo pwojè enfrastrikti piblik (wout, lopital, estad elatriye) finansman sa a te pase, Nou te ka plis konprann”. Malerezman, daprè òganizasyon sa a, pifò lajan defisi bidjetè a pase nan finanse gang pou fòse yo federe tèt yo.

Nan menm moman gen gwo latwoublay nan jan lajan resèt piblik yo jere. Toujou kontinye gen plis pase 25 milya goud k ap pèdi sou fwontyè paswa nou an, leta kontinye depanse plizyè milyon goud chak jou pou antreteni privilèj gwo zouzoun tankou depite, senatè, Premye minis ak prezidan.

Rekòmandasyon òganizasyon Chwazi Ayiti ale nan sans pou : asire nou nou mete goud la disponib sou mache finanse entènasyonal la, kreye kondisyon pou finanse estabilite reyèl peyi nan mekanis senp men konkrè pou pi òganize leta a, atake mouvman chanje dola a epi regile sektè sa a.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *