17 septembre 2024

Anpil fwa nou ap viv ak zanj bò kote nou, nou pa konnen

Mwen menm, mwen te gen privilèj viv pandan 12 zan ak yon zanj bò kote mwen.

Madam mwen, Kamarad mwen Sabina Carlson Robillard fè 4 an li ap goumen avèk yon kansè ( Clear Cell Carcinoma) pandan 4 an batay sa nou fè Anacaona, li pran yon lòt metriz fè 2, epi li te kòmanse yon pwogram doktora, tout sa paske li gen yon kesyon : Pou kisa gen tout inegalite sa yo nan mond lan pandan gen tout ONG ak ajans sa yo ki ap depanse milya dola? Pou kisa se pa moun lokal yo ki jwenn ase sipò, resous ak tout sot ankadreman pou rezoud pwoblèm pwoblèm yo ? ( Lokalizasyon èd imanitè) Paske madam te kwè e li te jwenn evidans ke se moun lokal ki gen vrè solisyon pou pwoblèm lokal yo, se yo ki dwe kaptèn lan.

Aprè 4 an konbat ak sipò enkondisyonèl enkondisyonèl manman ak papa Sabina Barbara Lepidus Carlson ak Ken Carlson , sipò ekip pwofesyonèl sante wotman falifye, frè, sè kouzen kouzin zanmi, kolèg Sabina mouri nan men mwen, maten jounen ki te 16 Novanm lan a 5:40 nan Massachusetts General Hospital nan 16èm etaj chanm 1638 ak men li nan men mwen lespri li kite kò Malad la li fè gran vwayaj la. Mwen remèsye ekip pwofesyonèl sante yo kite akòde mwen 2 zè tan sèl ak li aprè lanmò li pou dènye ti tan nou, sete yon 2 zèd tan nan lapè.

Sabina se yon zanj
Atavè bon aksyon nou yo, li pral rete viv pou tout tan.

Vole wo zanj mwen 🧚🏻‍♀️

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *