19 septembre 2024

Kout Zam fè anpil lekòl relache timoun yo nan Fontamara byen bonè

Jounen mèkredi premye desanm 2021 an, anpil kout bal lakòz plizyè lekòl nan Fontamara lage timoun yo byen bonè. Kout bal fè kenken tèlman gwoup gang yo ap twoke kòn yo. Konsa, anpil leve kouri fèt nan Fontamara Jodi a: machann, moun k ap pase, elèv lekòl elatriye. Poutan, depi katrè dimaten kout bal te gentan ap tire tribò pabò nan twazyèm sikonskripsyon pòtoprens.

Depi onzè nan maten plizyè lekòl kouri fèmen pòt yo e voye timoun yo lakay yo nan zòn Fontamara akoz gwoup gang vilaj Bondye a anvayi Nanchabon ki twouve l Fontamara 29, anba bò lanmè a. Gwoup nèg ak zam sa yo pase sou lanmè pou mete lapat sou lokalite sila. Kondi pwovèb kreyòl la:“evite miyò, pase mande padon”. Kidonk direktè ak direktris lekòl nan Fontamara yo blije lage tout elèv lekòl yo.

Premye jen 2021 ak premye desanm 2021 fè 5 mwa depi twazyèm sikonskripsyon pòtoprens lan pa sispann konnen latwoublay anba belijeran Bandi yo. Matisan tounen on eskadron lanmò depi dat premye jen an sètadi on moun ki franchi zòn sila se lanmò l l ap apante.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *