6 octobre 2024

GAD’H 2004 mande pou popilasyon an kontinye manifeste epi pwofite kondane konpòtman lapolis ki kontinye ap fè viktim nan kan pèp la

Credit photo: Edris Fortune

Groupman pou avansman Haiti


GAD’H 2004 ap felisite pèp ayisyen an pou kouraj li ak detèminasyon li.
Jou kite lendi 22 dawout 2022 a yo te pran lari pa bann epa pakèt pou di non ak insekirite pou di non ak lavi chè pou di non ak grangou chomaj rate gas elatriye.
GAD’H 2004 ap kondane konpòtman lapolis te genyen , lè nou wè yo itilize anpil gas lakrymojèn kont sitwayen ki tap manifeste san vyolans, kote yo tap defann dwa yo.
GAD’H 2004 ap pwofite voye senpati ‘l bay fanmi vincent ki tonbe anba bal bandi ekip ki sou pouvwa a,nou ap egzije yon ankèt prese prese sou zak asasina ki fèt sou militan an.
GAD’H ap ankouraje tout mouvman pasifik ki pou debouche sou byen nèt pèp ayisyen an.
Pèp la dwe kontinye batay , si lè sòlda fransè yo te kidnape tousen louvèti batay la te kanpe la nou patap endepandan,Jodi a.
Se pou sa nou ap mande tout fòs viv peyi a pou yo mete tèt yo ansanm pou nou jwenn yon solisyon ak kriz malouk sa kap ravaje peyi a

PÈP KAP GOUMEN PA JANM PÈDI BATAY.

pou otantifikasyon

Kodonatè jeneral :DUCLAIR FERLANDO

kodonatè adjwen:
OLICHAT FRANÇOIS

pòt pawòl:
BICHOT COVYALI

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *