4 octobre 2024

Fernando Live News-Ayiti Eleksyon: Konsèy Elektoral la prolonje peryòd enskripsyon pou pati politik yo.

Dimanch 25 jiyè 2021
Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) enfòme tout pati politik dat limit pou enskripsyon pati politik ak rasanbleman politik yo pwolonje jiska 28 jiyè 2021. Selon KEP a, prèske yon santèn pati politik ak gwoup politik deja eksprime entansyon pou patisipe nan eleksyon yo.

Malgre difikilte peyi a ap travèse nan dènye moman sa yo men sa pa anpeche pwosesis pou mete kanpe yon gouvènman konstitisyonèl apre asasina prezidan Jovenel Moïse la.
Nan yon nòt pou laprès pibliye 21 Jiyè a, Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) enfòme, prèske yon santèn pati politik deja enskri nan konsèy la pou patisipe nan pwochen jout elektoral yo.

Pou fini, KEP a pwofite anonse pati politik yo peryòd enskripsyon ak konfimasyon pati politik yo pwolonje jiska 28 jiyè 2021.

Christian Poinvil

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *