4 octobre 2024

Sosyete|-. « Bo lakansyèl » oubyen « Rainbow Kiss » Yon lòt dimansyon nan fè lanmou

Nan tout koup ki egziste, gen yon moman ki rive kote de patnè yo pa pataje menm anvi youn te gen pou lòt la nan kòmansman an. Rezon an, se paske de moun yo bouke fè menm sa yo toujou ap fè yo pandan relasyon an. Lè ka sa prezante, de moun sa yo vin pa gen anvi kenbe relasyon an ankò. Sa ki fè yo konn oblije kite. Pou anpeche sa rive, anpil koup konn bay tèt yo lòt abitid ki kapab : nan sòti ansanm yo konn fè, nan mo yo konn ap itilize, nan aktivite nan kay, elt. Anpil fwa, li konn tou nan fason de moun yo fè bagay (sèks).

« Bo lakansyèl » oubyen « Rainbow Kiss » yon pratik seksyèl ki rann relasyon pi entans

Pou rann relasyon an pi entans, sa ki vle di kote de patnè yo ap chèche plis plezi, anpil koup konn rive jiska chanje fason yo fè bagay oubyen fè eksperyans lòt pratik seksyèl. Youn nan pratik seksyèl yo konn itilize se « Rainbow Kiss » oubyen an kreyòl « Bo lakansyèl ».

Kisa « Bo lakansyèl » oubyen « Rainbow Kiss » lan ye?

Daprè « Women Health », yon magazin nan peyi Etazini ki etidye konsèp sila, « Bo lakansyèl » oubyen « Rainbow Kiss » se yon pratik seksyèl kote gason ak fanm, pandan yo ap fè bagay, yo ap bo pandan bouch youn ak lòt gen

Pou anpil moun, espesyalman an Ayiti, lè fi a nan peryòd li (li gen règ li), se pa yon bon moman pou yo antre nan relasyon seksyèl paske, nan kilti Ayisyen, gason pa renmen wè san fi a. Lè sa a, gason an pito tann peryòd fanm nan fini pou yo kapab fè bagay.

Gen anpil lòt moun se nan moman fanm nan gen règ li, yo plis renmen fè bagay pou yo kapab fè eksperyans pratik seksyèl yo rele « Bo lakansyèl » la oubyen « Rainbow Kissing » pou yo kapab jwenn yon mete plezi a nan yon lòt nivo.

Anpil nan espesyalis seksyèl magazin « Women Health » poze kesyon yo fè konnen « Bo lakansyèl » la pa rezime sèlman ak fè bagay pandan fanm nan gen règ li, men tou se yon fòm « akò ak san » de patnè yo fè pou demontre konfyans youn gen pou lòt.

Kijan pou pratike « Bo lakansyèl » oubyen « Rainbow Kiss » ?

Tout sa ki pou fèt gen règ ki dwe respekte pou li fèt byen. Prensip sa valab pou tout sa yon moun ap fè menm « Bo lakansyèl » la tou. Pou li kapab fèt byen, chak patnè yo ki nan relasyon seksyèl la k ap pratike « Bo lakansyèl » la dwe ejakile (voye) nan bouch lòt la aprè youn fin fè pou lòt sa ki pote non « Tibèf ». Nan moman de moun yo gen sekresyon lòt la nan bouch li (espèm gason an nan bouch fi a ak san fi a nan bouch gason an), yo ap bo jiskake sa ki nan bouch yo a melanje. Yon melanj matyè ak koulè ki fè li pote non « lakansyèl » la.

Eske « Bo lakansyèl » oubyen « Rainbow Kiss » se yon pratik ki gen danje ladan l?

Si pou tout pratik seksyèl ki gen kontak san ladan l gen gwo risk pou atrape maladi moun pran nan fè bagay ( MST-IST tankou : èpès, VIH, sifilis, epatit B, elt.) ebyen pou « Bo lakansyèl » la gen menm risk sa yo tou. Lè sa a, patnè yo dwe asire youn lòt yo pa gen youn nan MST-IST yo.

Eske se sèlman nan relasyon fanm ak gason yo pratike « Bo lakansyèl » oubyen « Rainbow Kiss » la ?

Se pa sèlman nan relasyon fanm ak gason pratik seksyèl sa egziste. Koup omoseksyèl (relasyon fanm ak fanm, gason ak gason) yo pratike li tou. Nan ka relasyon fanm ak fanm, pandan yo nan peryòd yo, youn fè « Tibèf » pou lòt epi yo bo pandan san an nan bouch yo. Pou relasyon gason ak gason, youn fè « Tibèf » pou lòt epi yo bo pandan espèm nan nan bouch yo.

« Bo lakansyèl » oubyen « Rainbow Kiss » la tounen yon pratik seksyèl ki pa gen Okenn sekrè pou tout moun k ap chèche nouvo pratik seksyèl paske li vin yon tandans sou tout rezo sosyal yo. Li te kòmanse anvayi Twitter kote anpil pwofesyonèl lasante te konn ap sansibilize moun sou danje ki genyen ladan l. Sou TikTok, yon aplikasyon moun pataje videyo, hashtag#Rainbowkiss la konte plis pase yon milyon moun ki gade l.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *