19 septembre 2024

Will Smith souflete Chris Rock pandan seremoni “Oscars” 2022 a, an dirèk!

Yè dimanch 27 mas 2022 lan, telespektatè ak òganizatè “Oscars” yo viv youn nan moman ki pi chokan nan istwa “Oscars”, aprè Will Smith monte sèn lan epi souflete prezantatè Chris Rock pou yon blag komedyen an te fè sou madanm Smith, Jada Pinkett Smith.

Dram nan te kòmanse lè Rock tap prezante pi bon dokimantè nan seremoni an pou ane 2022 a. Rock di Jada Pinkett Smith t ap prepare pou l filme yon swit G.I. Jane kise yon referans aparan pou aktris la te kale tèt li. Pinkett Smith te pèdi cheve l apaske li soufri alopesi.

Lè prezantatè an site non madanm li an, Smith ri, menm si li sanble pat alèz. Will-Smith woule zye li epi li te gade Rock.

Se lè sa a Smith leve kanpe, li ale dwat sou sèn nan, epi san reflechi, li pase imouris Chris Rcok yon kalòt nan figi l.

Pandan Smith ap retounen sou chèz li a, Rock tdi, “Wow, wow… Will Smith jis frape m ‘.”

Menm kote Wil Smith pou l di Rock “pa site non madanm mwen nan bouch ou!”

Anpil moun te panse se te yon ak, men li sanble ke ensidan an te aktyèlman reyèl epi li pa fè pati emisyon an. Telespektatè ameriken yo vrèman sezi.

Aprè sa k pase a, se Will Smith ki genyen Oscar pou meyè aktè pou “La méthode Williams”, kote li jwe wòl papa antrenè chanpyon Serena ak Venus Williams.

Aprèsa se ak dlo nan aktè a mande manm Oscars yo padon pou aksyon li komèt la Li deklare “Lanmou fè ou fè bagay ki fou,” figi l kouvri.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *