4 octobre 2024

Sosyete|-. Pou yon fanm viv pi byen li dwe gen de mari, daprè yon etid ki fèt 

Yon fanm kapab viv pi byen si li gen de mari daprè sa yon etid nan sosyoloji ta rive fè konprann. Kisa ki ta lakoz sa? Men 5 rezon ki kapab esplike l :

  1. Lè fanm nan gen plizyè mari pitit li yo viv pi byen
  2. Yon etid nan Lwès kontinan Afrik la konfime sa
  3. Temwanyaj yon edyèn ki marye ansanm ak 5 frè fè konprann sa
  4. Fanm gen plizyè mari se yon tradisyon ki la depi lontan zansèt yo kite dèyè
  5. Nan plizyè peyi lalwa aksepte fanm gen plizyè mari

“Gen plis pase yon sèl mari, se yon benediksyon” se sa yon etid ki mennen ta rive fè kwè kote li eksplike lè yon fanm gen plizyè mari li kapab viv pi byen. Etid sila parèt nan yon atik magazin Science Daily. Li mete an kesyon tout estereyotip seksyèl nou konnen ki egziste yo.

Pitit fanm ki gen plizyè mari mennen yon pi bèl vi

Nan yon mond kote gen plis gason ki gen anpil madanm olye fanm gen anpil mari, li ta sanble se nan dezyèm nan ki gen plis enterè ladan l, plis bagay ki pozitif.

Etid sila ki pote non “Reveler les succès de l’accouplement et tester les principes de Bateman dans la population humaine” fè konprann yon fanm ki marye avèk de gason pou pipiti pi bon pou limanite. Li pi bon tou pou timoun ki pral fèt anndan linyon sa yo.

Daprè tewori sa, gason pwodwi plizyè milyon espèmatozoyid tandiske fanm yo gen yon ti kras ovil, yon faktè ki kapab limite repwodiksyon. Nan ka sa, fanm yo plis ka garanti yon pi bon levasyon timoun pase gason paske yo gen mwens posibilite fè timoun pase gason. Se yon rezon ki fè tou se gason ki vle gen pi bon timoun yo ki ta dwe ap goumen pou fi. Sa ki t ap rive bay kòm rezilta : yon fanm kapab gen plizyè mari.

Nan ka sa, si premye mari a ta malad, lòt la oubyen lòt yo t ap kapab ede fanm nan nan travay li ap fè chak jou.

Yon etid ki fèt nan Lwès kontinan Afrik la konfime sa

Si Bateman te pale sèlman de bèt yo nan tewori syantifik sa, ebyen, teyori sila kapab aplike tou pou nou menm ki se moun. Se nan Lwès kontinan Afrik la, nan yon tribi ki pote non “Pimbwe”, kote fanm ap viv ak plizyè mari, tewori sa valide.

Tribi afriken sa kote moun yo pratike lachas ak keyi sa yo jwenn, konn viv peryòd dizèt, peryòd kote moun ap mouri grangou. Sa ki fè moun yo, ke li fi ke li gason, gen mwens tandans pou yo marye ak yon sèl moun.

Pandan 20 lane, etid sa te mennen sou 20 mil nan yo nan sa ki gen pou wè ak tip maryaj yo te konn òganize. Sa ki bay pou konklizyon, kontrèman a gason, fanm yo plis kapab asire lavi pitit yo nan peryòd dizèt ki konn ravaje rejyon an. Sa ki fè nou ta dwe felisite sistèm “fanm poto mitan” sila.

Gen lòt etid ki vle fè kwè “bonè” yon fanm pa depann de kantite mari li genyen. Yo fè konnen mari yo estrese fanm yo plis pase timoun yo.

Yon Endyèn marye ansanm avèk 5 frè

Jounal nan peyi Angletè, Daily Mail rapòte listwa yon jèn fi nan yon vilaj nan Nò peyi End k ap viv selon yon tradisyon ki pa sanble ak okenn lòt. Tradisyon sila vle yon fanm marye ak tout frè premye mari li a. Se rezon ki eksplike li menm li marye avèk 5 gason ki se frè youn lòt. Li pa konnen kiyès nan yo ki papa pitit li a. Sa ki vle di chak jou li pase nwit la avèk yon mari diferan.

Lè mwen te fenk kòmanse relasyon sa, sa te yon jan jennen m. Mwen pa gen youn nan mari m yo mwen renmen plis pase lò t”, temwanye jèn Endyèn sa k ap viv avèk 5 frè. Li fè konnen tou li te marye avèk sa ki pi piti nan yo a lè li te vin gen 18 tan.

Gen plizyè mari se yon tradisyon zansèt yo kite dèyè

Pou gason yo, yo pa santi yo deranje avèk jan de linyon sa ki pa sanble ak okenn lòt nan Loksidan an. Antouka se sa premye mari a deklare.

“Nou tout nan relasyon seksyèl avèk li. Mwen pa jalou pou sa. Nou se yon gran fanmi ki ap viv byen.” li felisite tèt li.

Si tradisyon sa a ap pèsiste, nou jwenn li sèlman pami yon ti gwoup moun ki ap viv ladan l pou rezon pa yo. Selon sa kèk kwayans ta fè konprann, koutim sila jwenn orijin li nan listwa pitit fi Wa Pancha a ki te marye ansanm avèk 5 frè. Lòt kwayans ta vle fè kwè tou sa pèmèt yo prezève richès (tè pou plante) yo nan ras la.

Nan plizyè peyi lalwa aksepte fanm gen plizyè mari

Menm lè pratik fanm gen plizyè mari a anpil moun pa konnen l, li egziste nan kèk tribi nan peyi Nijerya kote lalwa rekonèt li. Se ka pèp ki pote non “Trigwe” nan Nò peyi a kote fanm yo te gen plizyè mari men lalwa te vin entèdi li nan lane 1968.

Nou jwenn plis fanmi sa yo nan peyi End kote yon fanm kapab gen plizyè mari. Se dinasti “Pachi Pandevas” la nou jwenn pratik sila plis.

Nan peyi Lachin pratik sa egziste nan lide pou ras yo prezève richès yo tankou tè moun plante. Moun ki ap viv nan peyi kote pratik fanm marye ak plizyè gason an gen volonte pou pratik sila kontinye egziste.

Nan peyi Kenya tou, nou jwenn linyon sa paske, ka ki pi resan an, nan lane 2013 de gason te chwazi marye ak yon menm fanm yo tou de renmen. Pratik fanm marye ak anpil gason an, li pa entèdi nan peyi sa e nou jwenn li tou nan mitan pèp “Massai”.

Gen kèk tribi nan Sid kontinan Amerik la tankou “Bororo” yo avèk “Tupi Kawahib” yo kote tandans “fanm poto mitan” anndan fanmi yo ap domine.

Menm lè nan zòn Oksidan an modèl sa entèdi menm jan ak lòt ki vle yon gason gen anpil fanm, sa pa anpeche li pran yon fòm kote yon jèn fi ka gen plizyè nèg. Pratik nou fè pote non an Ayiti “kwense moun met moun” nan.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *