4 octobre 2024

Sòlda Gad Sivil ann Espay gen entèdiksyon poste foto chèlbè sou rezo kote moun chèche mennaj

Jandam ki nan “Guardia Civil” jwenn entèdiksyon nan men gouvènman nan peyi Lespay pou yo file moun ak inifòm yo sou sit rankont yo.

Nan yon dekrè, gouvènman peyi Lespay deside veye manm gad Sivil yo sou tout rezo kote moun ap chèche moun pou yo renmen: Tinder, Baddo ak Grinder se prensipal sit rankont gouvènman nan peyi sa a Vize.

Zafè fè bèbèl, kale bèl postè ak inifòm pou file moun, pou chèche menaj. Yo pa entèdi yo chèche mennaj, Men yo pa dwe itilize inifòm nan pou sa.

Pratik pou Jandam gason yo ekspoze pil pekto, bibit ak abdo bonbe nan inifòm pou atire mennaj te kòmanse anfle sou rezo yo. Gouvènman an estope sa sèk.

Tout Jandam ki lage nan poste foto ak inifòm ap pran twa mwa prizon epi twa mwa san touche.

Kounya a ni polisye, ni jandam paka nan file moun ak inifòm. Depi nan lanne 2015, yo te entèdi polisye yo sa.

Restriksyon sa yo pa konsènen rezo sosyal ofisyèl Gad Sivil osnon polis nasyonal pa egzanp sou TikTok, Twitter osnon Instagram ou .

Yon lòt pa, gen plis libète pou manm lapolis ak jandamri afiche tatwaj ak “piercing” pandan yo gen inifòm men tatwaj yo dwe konfòm ak valè kò sa yo.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *