25 avril 2024

Sen Lwi di sid… ensekirite

2 moun blese pa bal jodi 6 janvye a sou wout nasyonal # 2 a nan Moriso , 4e seksyon SenLwi di sid. Zak sa fèt sou yon seri pasaje ki te nan yon kamyonèt ki asire trajè Okay-Deriso kote Frantz Nicolas, yon chofè moto tire nan direksyon machin nan.

Selon deklarasyon chofè a, Lucien François, se pandan mesye ame a ki te sou yon motosiklèt 110cc vire mal devan machin nan epi li te reprimande l. Se sa ki t ap lakoz Frantz Nicolas rale zam li epi tire sou machin nan. Chofè a pat pran tan pou li te vire al depoze viktim yo nan lopital Aken an pou swen nesesè epi pase alète komisè gouvènman de zak la.

Komisè gouvènman Aken an Mèt Jean Hervé Jeanvier akonpanye jij pou lapè ak lapolis pou yo te vin fè konsta. Nan entèvansyon otorite yo,
lapolis met anba kòd 3 endividi epi rive rekipere anndan kay koupab la yon zam 9 mm , 4 manchèt , 2 rach, 9 grenn katouch.

N ap siyale moun ki fè aksyon an te sove.
Ajan UDMO ki te akonpanye komisè a te rive mete dife nan yon ti kay nan lakou prezime asasen an.

Nap fè remake Jounalis ki te gentan prezan yo pa t ka rive pou jwenn enfòmasyon akoz ajan UDMO yo te enpeche yo pile espas la.

Dumel George

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *