5 octobre 2024

Ronald Richemond ta lakoz ti avyon AGAPE Flights N600AB la boule

Jodi madi 29 mas 2022 a, nan kad manifestasyon pou denonse kidnapin k ap ravaje peyi a, bilan yon jenn gason mouri, anviwon 10 lòt blese ki pou kounya ap pran swen nan lopital OFATMA ak nan lopital jeneral, yon ti avyon boule.

Selon korespondan Fernando Live News ki tap kouvri manifestasyon sila, manifestasyon an te pasifik, nan yon anbyans byen poze pandan moun yo ta p lanse eslogan, fèy bwa nan men yo pran direksyon wout aryopò. Yo finalman rive devan aryopò a, yo rantre, nan lide pou bay konpayi yo leson, yon gwoup manifestan monte sou ti avyon an, answit yo pouse mete l deyò.

Yon ti tan apre komisè gouvènman okay la, Ronald Richemond ki t ap kòdone fòs lòd yo, mande tire sou manifestan yo, selon sa plizyè jounalis ak lòt moun ki te prezan fè konnen se komisè Richemond ki montre ajan BLTS ak UDMO yo nan ki direksyon pou yo tire, ki lakoz plizyè moun pran bal, e yon moun mouri ak yon bal nan tèt.

Popilasyon an fache, epi mete dife nan ti avyon an.

Nap raple w manifestasyon te fèt nan plizyè vil nan peyi a, pami yo, kapital la kote anpil moun te pran lari pou di non ak kidnapin nan. Nan okazyon 36 lane egzistans konstitisyon peyi a.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *