5 octobre 2024

Palacios, youn nan akize kle nan zak sasinay Jovenel Moïse la jwenn tan pou prepare defans li

Mario Antonio Palacios Palacios, ansyen sòlda lame kolonbyen, youn nan sispè nan dosye lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse te pase devan jij federal Laurent Louis nan Miami jounen Vandredi 4 mas la, li jwenn yon mwa pou l prepare defans li.

Akize a, Palacios te dwe plede ofisyèlman koupab oubyen non koupab pou akizasyon lajistis ameriken pote kont li an. Avoka prezime asasen an Algredo Izaguirre pwofite moman pou mande plis tan. Jij Louis k ap mennen dosye sa nan tèt kole ak proteje Palacios la fiskse Yon nouvo odisyon pou 4 Avril.

Pou yon dezyèm fwa, Palacios ki ta sanble konplis nan lanmò ansyen prezidan ayisyen Jovenel Moïse, mande yon pwologasyon. N ap raple akize a te arete Panama epi te transfere prese prese Ozetazini pou vin jije.

Ekstansyon an bay avoka defans Palacios la plis de tan pou l prepare ka e revize akizasyon an. Sa bay tou gouvènman ameriken an plis tan pou jwenn plis près adisyonnèl pou apiye akizasyon yo kont misye Palacios.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *