5 octobre 2024

Men kèk bagay ki te nan ansyen konstitisyon an, ki pa nan dènye vèsyon avan pwojè nouvo a

Manm Komite Konsiltatif Endepandan ki gen pou sig (CCI ,an Fransè), ansyen Prezidan Jovenel Moïse te chwazi pou travay sou chanjman konstitisyon 1987 la, prezante bay Premye Minis Ariel Henry nan mwa septanm ki sot pase a, dènye vèsyon avan pwojè a. Manm komite sila yo, rive fè kèk chanjman nan dènye vèsyon avan pwojè nouvo konstitisyon an ki touche Repiblik Dayiti jis andan nannanl , tankou: Yo voye jete byen lwen koulè drapo ble ak wouj la ; Inite se fòs (l’union fait la force)…

Jan anpil nan nou konnen l, konstitisyon 1987 la mansyone nwa sou blan, nan atik 2 a “koulè nasyonal la se ble ak wouj”. Epi nan atik 3 ” Anblèm nasyon ayisyen an se drapo ki genyen a) de bann moso twal ki gen menm dimansyon: yon sèl ble nan tèt la, lòt la wouj nan pati anba a, mete orizontal; b) nan sant la, sou yon kare nan twal blan, yo mete zam Repiblik la; c) Zam Repiblik la yo se: Palmis la ki pase nan Tèt bonèt libète a ak ki kouvri lonbraj ak palmye yo, yon twofe nan zam ak lejand la: Inite fè fòs.

Malgre nou konnen kisa senbòl yo vle di nan istwa nou kòm pèp , nan lit ansyen yo te mennen pou n sòti nan lesklavaj, ebyen pou yon rezon oswa pou yon lòt, mesye dam yo ki fòme komite Konsiltatif Endepandan an pa chwazi tounen nan dènye vèsyon avan pwojè an ak 2 atik nou sot site piwo yo.

Chanjman sila yo ki fèt la, pa yon erè men se pito yon bagay byen planifye paske sòti 1843 ak 2 premye vèsyon avan pwojè kite prezante nan mwa janvye ak me ki sot pase yo , nou te jwenn atik sa yo nan tout dokiman ki ekri sou konstitisyon Ayisyen an. Se sèlman anndan dènye vèsyon ki prezante dènyeman an atik sa yo disparèt tankou yon kout zeklè.

Pandan plizyè fwa nan pase nou, nou toujou jwenn kèk lidè ki chwazi adopte yon lòt koulè drapo nan lide pou fè konnen yap defann yon idewoloji. Èske se nan sans sa manm komite Konsiltatif Endepandan an ta twouve l nesesè pou nouvo konstitisyon an pa gen yon atik ki pwononse sou koulè drapo Nasyonal la? Men tou e pou “Inite se fòs “, ki toujou sèvi kòm yon sous motivasyon a chak fwa anpil ayisyen vle tonbe nan ying yang?

Pi lwen, dènye vèsyon avan pwojè nouvo konstitisyon an voye al Chita atik 7 ak 7-1 nan konstitisyon 1987 ki entèdi fòmèlman yon lidè politik prezante tèt li tankou yon dye vivan. E menm konstitisyon sila entèdi mete foto ak non moun ki vivan sou lajan, koupon, etikèt, batiman piblik , ri yo ak lòt ankò. Foto moun ki mouri sou tout sa ki site piwo yo, pa otorize nonplis, tout tan Asanble Nasyonal la pa bay lèse pase pou sa fèt.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *