4 octobre 2024

Konsèy Prezidansyèl la pa Ekip Foutbòl, li pa fè Chanjman Jwè,daprè Patrice Dumont

Rapò ULCC a sou skandal koripsyon 3 konseye prezidansyèl Smith Augustin, Louis Gérald Gilles, Emmanuel Vertilaire ak prezidan BNC a, Raoul Pierre-Louis, montre 3 konseye prezidansyèl yo ak prezidan bank lan nan konfyolo ak yon ajan premye kategori Leta, konsil Ayiti Santiago, Lonik Léandre.

5 moun sa yo pa gen plas yo nan zafè Leta ankò. Paske li klè, san yon sitwayen pa bezwen konn alfabè, se 5 lawon atoufè ki t ap mennen yon konbinezon an maskay kont enterè pèp ayisyen an. Youn nan yo, Mesye Pierre-Louis, gaye wonn nan paske l te vle sove po l. Se pa paske li te vle defann enterè Leta.

Rapò a fè nou konprann tou 4 katdekredi Raoul Pierre-Louis bay 4 lòt lawon yo se te avalwa. Malfini yo te pran ti poul la annatandan manman poul la: sak 100 milyon goud la.

Anplis endis koripsyon ULCC jwenn nan skandal la, sa Louis Gérald Gilles di deja nan radyo pou defann tèt li ak kòkòday li yo, lajistis gen nan men l pou l fè yon travay serye ki ka pwoteje peyi a.

Konsekans tout endis sa yo, konsekans lefèt 3 konseye prezidansyèl al mare sosis yo ansanm ak yon konsil plis yon prezidan bank Leta sou tèt pèp ayisyen, sèke 3 moun sa yo pa nan Konsèy Prezidansyèl ankò. Epitou, yon mal pou yon byen, Konsèy la dwe rete ak 4 manm ki pa t nan konbinezon dwèt long sa a.

Toutjan, jwèt se jwèt, kòchèt pa ladann: Konsèy Prezidansyèl la pa ekip foutbòl, pa gen 4triyèm abit k ap anonse chanjman.

Pierre Paul Patrice Dumont

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *