19 septembre 2024

Konsèy Nasyonal Tranzisyon an toujou pa an fonksyon

Biwo suivi akò Montana a prezante bay laprès yon lis enkonplè ki gen ladan li delege ki dwe reprezante divès sektè nan lavi nasyonal nan “Conseil National de la Transition”( Konsèy Nasyonal tranzisyon an).
“Conseil National de la Transition” (Konsèy Nasyonal Tranzisyon an) ap chwazi yon prezidan tranzisyon (fi oubyen gason) ak yon chèf gouvènman (fi oubyen gason) epi valide konsèy gouvènman an ak tout fèydewout la.

Nòmalman “Conseil National de la Transition” (Konsèy Nasyonal Tranzisyon an)ta sipoze genyen 52 manm. Men piske genyen yon dizèn pati politik : SDP, Pitit Desalin, pen, Anfos-Mola, Unir-lòd Demokratik ki abandone, li vin rete a 42.

Pami 42 delege ki dwe fòme konsèy la , 26 gentan valide. Pami kèk sitwayen ki koni nan lis sa a nou ka site : Patrick Joseph, (Konbit Òganizasyon Politik ak Popilè) Delson Cius (Antant), Joel Vorbes (Fanmi Lavalas), James Beltis (Nou p ap Dòmi) avèk Kébert Bastien, chantè angaje a(KATAN).
Reprezantan òganizasyon ki poko chwazi delege yo oubyen sa ki poko fini ak enskripsyon manm delege yo a, se yo menm ki ap gen pou okipe rès plas ki rete yo.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *