21 novembre 2024

Konbit denonse Alyans PHTK ki konstitye majorite nan Konsèy Prezidansyèl la

Peyi nou an ap viv yon sitiyasyon kawo, latèrè pisans enperyalis yo, meriken alatèt, kreye ak sipò oligak krimimèl yo, gang akòl yo, gang ak kravat yo elatriye. Gang ak gwo zam kontwole pifò kapital la, wout nasyonal yo ak yon bon pati nan depatman Latibonit kote y ap masakre, boule moun tou vivan, kidnape, vyole fanm ak tifi, fòse anpil konpatriyòt kite lakay yo al viv nan lari sou plas piblik. Apati 29 fevriye a, vyolans gang meriken, Kògwoup yo pran yon lòt nivo, kote yo rive bloke peyi a preske totalman epi ogmante kalamite pèp la disèt wotè.

Pèp ayisyen an, pa sispann batay pou ekzije yon tranzisyon koupe fache pou rive jwenn bonjan solisyon kòrek ki dwe pèmèt li soti nan kalamite pisans enperyalis yo ak alye lokal li yo foure li depi dikdantan an. Nan plas tranzisyon koupe fache a anpil aktè nan sektè ekonomik la, sektè politik tradisyonèl mafya, reprezantan PHTK katryèm vèsyon nan Konsèy prezidansyèl la soti pou yo enpoze pèp la yon tranzisyon kontinite. Sa vle di yon fòm tranzisyon kote tout fraksyon PHTK yo soti 2011 pou bout 2024 ap pare pou akapare pouvwa a yon mannyè pou yo kontinye kenbe tèt Leta a pou yo kontinye vòlò, proteje bandi, ba yo zam pou yo kontinye teworize pèp la, fè li kouri, anpeche l revandike kont sistèm peze souse a.

Konbit la ap fè remake pou tout moun, divès faksyon PHTK sa yo rive ak sipò patwon yo meriken, Kògwoup atravè KARIKOM, miltipliye tèt yo andedan Konsèy Prezidansyèl la kote yo rive fòme yon blòk mafya majoritè k ap pare pou fè dappiyank sou pouvwa a nan tout nivo pou pèmèt PHTK ranfòse tèt li epi kontinye plan kriminèl pou detwi peyi nou an nan enterè patwon yo. Se nan menm dinamik sa a, yon seri moun ki genyen akizasyon krim sou do yo itilize reprezantan regwoupman politik pa yo pou fè yon alyans kote yo chwazi madi 30 avril 2024 la Edgard Leblanc kòm kòdonatè Konsèy Prezidansyèl la epi chache enpoze Fritz Bélizaire kòm premye minis, san okenn konsiderasyon pou prensip ki defini nan akò politik 3 avril 2024 la ki kreye Konsèy Prezidansyèl la. Alyans pike kole sa a montre aklè volonte yon seri moun genyen pou yo pèsevere nan jwèt koken epi kenbe pèp la nan kalamite yo lage l la. Koze blòk majoritè sa a, se yon danje pou avni peyi a epi yon blokaj pou fonksyonnman konsèy la.

Konbit la ap prete vwa pèp la pou li voye yon pinga bay tout aktè nan sektè ekonmik mafya a, aktè nan sektè politik mètdam kòwonpi a ki vle kontinye plonje peyi a pi rèd nan katchaboumbe. N ap di yo, se byen konte mal kalkile. Kou sa a p ap pase. Anpil aktè deja konprann jwèt mètdam sa a. Anpil vwa kòmanse leve pou denonse mannèv delwayal sa a. Moun ki dwe okipe pouvwa Leta a se pa moun ki abitye gagote lajan leta a. Pèp la, klas dominan yo mete sou kote depi plis pase 2 syèk, egzije pou lajan leta itilize nan enterè l. Se pou sa, Konbit Òganizasyon Politik Sendikal ak Popilè yo ap kontinye voye yon pinga bay tout politisyen ak boujwa ki ap chèche itilize tranzisyon an kòm dra pou yo pa al reponn kesyon lajistis pou krim san ak Krim finansye yo komèt. Okenn moun ki genyen pou al reponn kesyon lajistis, moun ki anba sanksyon entènasyonal pa dwe fè pati ekip gouvènmantal ki dwe mete sou pye la a.

Nan sans sa Konbit la envite pèp la poze plizyè kesyon pou chache konnen ki veritab rezon kreyasyon blòk majoritè mafya PHTK katryèm vèsyon an. Eske se pou yo ka rive reyalize pi byen operasyon pataj gato y ap pare pou yo fè sou do pèp la? Eske se pou garanti aterisaj tranzisyon kontinite a nan plas tranzisyon koupe fache a yon fason pou bandi legal yo kontinye gen plis espas pouvwa ? Aprè PHTK fin komèt tout kantite Krim san ak Krim finansye sa yo kont pèp la, kisa ki ta ka bay blòk majoritè PHTK mafya katryèm vèsyon an dwa ak lejitimite pou yo ta pretann mete tout lòt aktè akote epi pran tèt Leta a? Eske aktè pwogresis yo ka aksepte lage bak politik peyi a nan men ekip PHTK mafya katriyèm vèsyon sila a pou yo kontinye detui peyi a nan enterè enperyalis meriken kont enterè pèp la?

Konbit la envite tout fòs pwogresis yo, tout òganizasyon, tout moun ki ta renmen viv nan yon Ayiti granmoun, pou yo kale je yo pou anpeche blòk majoritè PHTK mafya katriyèm vèsyon an antere peyi nou an pi plis. Si nou pa bloke mannèv malsen sa yo touswit, tout batay nou mennen kont koripsyon ak lòt krim nan peyi a, tout san ki koule yo ap koule pou granmesi, peyi a riske plonje pi fon nan labou.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *