4 octobre 2024

Jistis|-.Devan tribinal, Johnny Depp fè konnen li pèdi tout sa l posede akoz akizasyon Amberd Heard yo 

Aktè oliwoudyen an Johnny Depp fè konnen li pèdi tout sa li posede akoz akizasyon Amberd Heard yo, vandredi 22 mas la, devan yon tribinal nan peyi Etazini kote li t ap reponn kesyon lajistis.

Marye nan lane 2015 epi divòse aprè mwens pase de lane yo pase ansanm, ansyen mari Amberd Heard la ta rive fè konprann menm pou 300 milyon dola li pap aksepte reprann wòl Jack Sparrow la nan Pirat karayib 6 la. Aktè 58 tan an koupe fache ak Disney paske li pat janm soutni li aprè tout zak vyolans sou fanm yo te akize li.

De zan te gentan pase (depi premye akizasyon yo nan lane 2016 rive jouk nan piblikasyon tribin Amberd Heard la nan Washington Post nan lane 2018) kote tout mond lan t ap pale de mwen antanke yon moun ki vyolan ” eksplike Johnny Depp. “Disney te koupe tout relasyon avèk mwen pou sa ki gen pou wè ak pwoteje imaj li nan Dosye sa a pandan mouvman #MeToo a t ap devlope”, li kontinye eksplike.

Mwen pa t janm te konn bat Manzè Amberd Heard ni okenn lòt fanm pandan tout vi mwen ” , li fè konnen.

Manzè Heard te konn frape m nan moman fristrasyon li yo. Sa ki konn kòmanse pafwa ak yon souflèt oubyen yon bouskilad. Li te voye yon remòt kontwòl televizyon ak yon vè diven nan vizaj mwen. Li te bezwen fache avèk mwen. Sa te nan entansyon li .” li ta vle fè kwè.

Alòske pwosè sa a ap dewoule depi 11 avril pase a, se tout sa li posede li pèdi ak tout karyè l li koute daprè sa Johnny Depp deklare devan tribinal. Raple li te gentan pèdi wòl li ta pral jwe nan Animaux Fantastiques 3.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com
Source: FilmsActu

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *