5 octobre 2024

Ikrèn|-.Kremlin deklare mo « Jenosid » Biden itilize pou akize Poutine nan « inakseptab » 

Mèkredi 13 avril 2022 an, Kremlin anonse se « inakseptab » mo « jenosid » prezidan ameriken an, Joe Biden, itilize madi 12 avril 2022 an pou akize dirèkteman prezidan Larisi a, Vladimir Poutine.

« N ap toujou pa dakò, n ap toujou wè li inakseptab tout tantativ pou defòme sa ki rive yo sitou lè se prezidan peyi Etazini an ki fè sa. Yon peyi tout zak li komèt nan listwa pa enkoni pou pèsòn », kòmante Dmitri Peskov, pòt-pawòl Kremlin an.

Kremlin reyaji aprè deklarasyon prezidan ameriken an te fè nan Iowa aprè majistra vil Marioupol la, nan peyi Ikrèn, Vadym Boytchenko, te anonse plis pase 20 000 moun pèdi lavi yo nan vil la.

Se premye fwa tou prezidan ameriken an, Joe Biden, itilize tèm « jenosid »la pou akize omològ li nan peyi Larisi, Vladimir Poutine.

Alix ISRAËL
alixisrael53@gmail.com

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *