4 octobre 2024

Ikrèn : Biden akize Poutine di li fè yon “jenosid” Marioupol kote li tiye plis pase 20 000 moun 

Prezidan ameriken an, Joe Biden, akize jounen 12 avril 2022 a, omològ li nan peyi Larisi, Vladimir Poutine, di l ap mennen yon “jenosid” Marioupol, yon vil nan peyi Ikrèn, kote plis pase 20 000 moun pèdi lavi yo nan konfli ki eklate ant Larisi ak Ikrèn nan daprè sa Mè nan vil sila, Vadym Boytchenko te fè konnen.

Se nan kad yon deplasman Prezidan ameriken an fè nan eta Iowa li te fè deklarasyon sa nan mikwo jounalis kèk èd tan aprè li te itilize menm tèm sila nan yon diskou konsakre a lit kont enflasyon

Se premye fwa depi konfli a eklate ant de (2) peyi yo, Larisi ak Ikrèn, sa ki gen plis pase 50 jou, prezidan peyi Tonton sam nan, Joe Biden, akize omològ li nan peyi Larisi, Vladimir Poutine.

                         Alix ISRAËL

alixisrael53@gmail.com

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *