5 octobre 2024

Gwo dife pran nan lokal ministè Jistis la

Gwo dife pran nan batiman Ministè jistis la ki twouve l nan [Avenue Charles Summer] nan Pòtoprens jounen jedi 16 desanm 2021 lan. Plizyè moun ki abite nan zòn nan t ap konstate evenman sila ak gwo kè Kase. Paske Ministè jistis la kole bab pou bab ak plizyè lòt Kay nan zòn nan.

Gwo dife eklate nan lakou Ministè Jistis ak Sekirite Piblik la (MJSP) ki twouve l touprè ministè afè sosyal nan Pòtoprens. Gwo lafimen pran monte nan syèl la. Kèk Kamyon ponpye deja sou plas pou eseye etenn dife sila, selon enfòmasyon ki bay. Pou kounya, dega yo poko relve men gen anpil Kay ki kole kole ak ministè a.

Pou kounya, kenn moun poko konnen orijin dife sa ki pran nan batiman Ministè Jistis la. N ap raple ayè mèkredi 15 desanm nan, mesye Bertho Dorcé, nouvo chèf antèt ministè a te rann visit ak manm konsèy Sekirite Pouvwa Jidissye a (CSPJ) nan lide pou ranfòse lyen yo.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *