6 juin 2024

Fòmasyon gouvènman an: pati politik FLAD mande nouvo PM nan pa retounen ak ansyen minis yo

Nan yon nòt li rann piblik, pati politik Fòs Liberatris pou Ayiti (FLAD) mande premye minis Garry Conille pou l a retounen ak okenn minis ki patisipe nan mete peyi a nan sitiyasyon li twouve l jounen jodi a. Sitou sila yo ki sot pase 3 lane yo, FLAD mande pou yo pa retounen avèk yo.

Nan menm nòt la, pati politik la mande pou premye minis Garry Conille chache fè konsiltasyon ak lòt aktè epi sektè kle nan sosyete sivil la pou fè chwa nouvo manm kabinè ministeryèl li a, jan atik 45 dokiman ki pote kreyasyon, òganizasyon ak fonksyonnman Konsèy Prezidansyèl tranzisyon an mande sa a.

Pati politik FLAD mande fòk chwa yo fèt sou baz konsansyèl e fòk tout kouch patisipe deba yo.

Pi lwen, Fòs Liberatris pou Ayiti Demen di li mete tèt li disponib pou li patisipe nan tout negosiyasyon k ap fèt dwe mennen nan reyisit tranzisyon an.

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *