4 octobre 2024

FernandoLive News: Moun ki boude envitasyon komisè gouvènman riske gen gwo problèm daprè mèt Patrick Laurent

Photo Google

Pòtoprens jedi 15 jiyè 2021. Mèt Patrick Laurent tap reponn kèk ti kesyon sou yon estasyon radyo nan kapital la konsènan sitwayen ki refize reponn ak envitasyon komisè gouvènman an kap travay sou ankèt zak sasinay kite fèt sou prezidan Jovenel Moïse la. Avoka a presize komisè gouvènman an ka mete aksyon piblik an mouvman kont nenpòt moun ki boude envitasyon pakè a.

Anplis de sa mèt Patrick Laurent kontinye pou li di komisè gouvènman an kapab transfòme envitasyon an a yon manda damne, menm si pa gen flagrans tankou atik 13 nan Kòd Pwosedi Kriminèl la dil.

La lwa se yon règ pou tout moun kidonk, Patrick Laurent evoke sitiyasyon ofisye polis yo ki ta fèmen nan enspeksyon Jeneral Polis Nasyonal ayiti a (IGPNH) pou li pa parèt devan lajistis tankou kowòdonatè nan Inite Sekirite Jeneral nan Palè Nasyonal la (USGPN).

Avoka a eksplike ke yon ofisye polis pa bezwen pèmisyon IGPNH pou reponn kesyon jistis nan yon dosye kriminèl. Li se yon fòm koutwazi Repibliken ki wete tout baz legal.

Christian Poinvil

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *