6 octobre 2024

Fernando Live News: Ni Claude Joseph ni Ariel Henry pa gen lejitimite pou yo gouvène, daprè Mèt Patrick Laurent.

An referans a konstitisyon ayisyen an, Patrick Laurent afime ni Claude Joseph, ni Ariel Henry, pa gen lejitimite nesesè pou gouvène Ayiti apre asasina prezidan Repiblik la, Jovenel Moïse.

Sou yon bò, mèt la eksplike, apre zak sasinay la Claude Joseph ap rete aji sèlman kòm Premye Minis pou yon peryòd ki pa dwe depase 30 jou. Alafen, li dwe remèt pouvwa a.

Poutan yon lòt bò, Mèt Patrick de pale doktè Ariel Henry ki te nonmen premye minis avan Jovenel Moïse te asasinen, espere fòme yon nouvo gouvènman ak konsantman prezidan an. Men, gen yon pòs vid Se poutèt sa li enposib pou li fè sa, konsidere avoka a. Kidonk, li plede pou respè ak lespri konstitisyon an.

Ayiti se yon peyi ki efondre, nou soti nan konstitisyon an depi nan mwa janvye 2020.

Se poutèt sa selon mèt Laurent, nou dwe ale nan direksyon pou yon konpromi. Pati yo ak sosyete sivil la gen pawòl pa yo pou di, menm jan ak Prezidan Sena a, ki rete pi gwo otorite ki eli e ki toujou nan biwo.

Men yon bon akò ant de premye minis yo nesesè tou pou soti nan kriz la.

Christian Poinvil

Partager

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *